Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann out : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé ... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! oswa Vivez éternellement heureux sur la terre ! Pou bwochi ki vin annapre yo, nou kapab ofri yo lè sa apwopriye : Un livre pour tous ; Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? Septanm : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Kote nou jwenn enterè pou vizit, petèt l ap bon pou nou ofri abònman. Nan dènye pati mwa a n ap kòmanse difize Nouvèl Wayòm no 36 la, “ Nouvo milenè a : ki sa demen sere pou ou ? ” Novanm : Difizyon Nouvèl Wayòm no 36 la ap kontinye. Kongregasyon ki fin kouvri tèritwa yo, ki pran kontak ak moun ki nan chak kay oubyen ki deja kite yon kopi Nouvèl Wayòm no 36 nan kay la kapab ofri bwochi Sa Bondye vle a oswa liv Konesans lan. Si moun yo genyen liv sa yo deja, nou kapab sèvi swa ak liv Vivre éternellement, swa ak liv Création.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziyen ta dwe verifye kont kongregasyon an 1e septanm oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè anons lan bay kongregasyon an, apre yo fin li pwochen rapò sèvis kont lan.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande Calendrier des Témoins de Jéhovah 2001 nan “ Demande de publications ” pou mwa septanm nan. Ap gen kalandriye ann anglè, ann espayòl ak an fransè.
◼ Yo voye nan chak kongregasyon yon lo fòmilè ki ase pou sèvi pandan ane sèvis 2001 an. Tanpri pa gaspiye yo. Sèvi ak yo sèlman pou rezon yo fè yo a.
◼ Envantè ànyèl estòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2000, depi sa posib. Envantè sa a se menm ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa a. Y ap ekri valè yo jwenn yo nan fòmilè “ Inventaire des publications ” (S-18). N ap jwenn total peryodik yo nan men sèvitè peryodik yo nan chak kongregasyon. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè (S-18). Tanpri voye fèy orijinal la bay Sosyete a 6 septanm pou pi ta. Konsève yon dezyèm kopi ki fèt ak papye kabòn nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi pou fè papye bouyon. Sekretè kongregasyon kowòdinatris la ta dwe sipèvize envantè a. Li menm sekretè a ak siveyan prezidan an ap siyen fòmilè a ansanm.
◼ Bwochi revize Ki sa Bondye vle nou fè ? a pare. Avèk li, nou panse li pral pi fasil pou nou esplike verite biblik yo. Kongregasyon yo kapab fè demann.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la —kreyòl ayisyen