Benediksyon Jewova fè nou rich
1 Byen souvan yo mezire siksè yon moun dapre valè lajan li touche. Se sa k fè anpil moun gade moun ki gen lajan kòm moun ki pi ere, ki pi satisfè. Toutfwa, moun ki panse lajan kapab achte lebonè, malerezman yo twonpe tèt yo (Ekl. 5:12). Pa gen jwa dirab pou moun ki “ detèmine pou yo rich ” nan domèn materyèl (1 Tim. 6:9). Epoutan, sèvitè Jewova yo ere vrèman e yo se moun ki pi rich ki genyen nan lemonn (Pwo. 10:22 ; Rev. 2:9). Nan ki sans ?
2 Sa ki fè wè nou rich : Nou posede yon kokenn klèvwayans espirityèl e nou konprann Pawòl Bondye a, Labib. Pou byen nou, Jewova, pa mwayen òganizasyon terès li a, toujou kontinye ap anseye nou sou li ak sou Pitit li a. Konpreyansyon egzak nou genyen an fè l posib pou nou rete pre Jewova e pou nou benefisye yon relasyon entim avè l (Jak 4:8). Disène byen ak mal epi suiv lwa Bondye yo, sa pwoteje nou kont kèk maladi ak kèk danje. Nou gen konfyans Jewova ap ban nou sa nou bezwen pou nou viv nan lakontantman ak kè poze. — Mat. 6:33.
3 Nou jwi lapè ak inyon anndan fratènite espirityèl la, paske fwi lespri Bondye a ap travay nan nou. Piske nou ini ak yon chenn lanmou solid, nou pa janm santi ni Bondye ni frè nou yo abandone nou lè nou anba kalamite. — Gal. 6:10.
4 Lavi nou gen yon sans toutbon e li gen yon bi. Nou konsidere se yon bèl privilèj pou n patisipe nan predikasyon mondyal bon nouvèl la. Lè n ap ede lòt moun pou yo vin gen bonjan relasyon ak Bondye e pou yo sèvi ini avèk nou nan adorasyon ki pwòp la, sa pote yon lajwa dirab. Ministè nou an se yon bèl trezò moun pa ka peye. Li onore Jewova e li ban nou satisfaksyon kontribye pou sangtifye non li. N ap rete pozitif paske nou konnen espwa nou pou demen an pral reyalize talè konsa.
5 Demontre nou konn apresye : Se pou n toujou apresye benediksyon Jewova yo, benediksyon ki fè nou se pèp ki vrèman pi rich sou tè a (Pwo. 22:4). Se pou nou pran yon ti tan chak jou pou n medite sou sa nou genyen. Sa ap pouse nou remèsye Jewova pou lanmou jenere li a, epi sa ap pouse nou kontinye ba li yon devosyon san pataj.