BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/00 p. 3-6
  • Agrandisman Betèl la fas ak pwogrè teyokratik la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Agrandisman Betèl la fas ak pwogrè teyokratik la
  • Ministè Wayòm nan — 2000
Ministè Wayòm nan — 2000
km 9/00 p. 3-6

Agrandisman Betèl la fas ak pwogrè teyokratik la

1 Sa fè 13 ane depi Betèl ak filyal Santo a te inogire. Se te an janvye 1987. Lè sa a, te gen plis pase 4 500 pwoklamatè ann Ayiti, e lokal filyal la te sifi pou bezwen nou. Men pou depi lè a, bagay yo vin chanje. Kounye a gen nouvo batisman y ap konstwi pou agrandi Betèl la ak biwo yo. Foto ki akonpaye atik sa a pral ban nou yon ide sou jan lokal yo pral ye nan kèk mwa. Poukisa agrandisman sa a nesesè ?

2 Se yon faz nan pwogrè mondyal la : Gen lontan de sa, men pwomès Jewova te fè : “ Piti a li menm pral tounen yon milye, e sa ki tou piti a [pral tounen] yon nasyon pisan. Mwen menm Jewova, mwen pral akselere sa nan tan li. ” “ Jewova pral fè jistis ak louwanj jèmen devan tout nasyon yo. ” ​(Iza. 60:22 ; 61:11). Se sa k rive pami prèske 6 milyon Temwen Jewova sou tout tè a ki angaje tèt yo nan rasanble moun ki renmen sa ki jis, anndan kongregasyon yo. Sa ap akselere nan anpil peyi.

3 Travay nou ann Ayiti montre menm “ jèm jistis ” sa a. E diran ane ki sot pase yo, nou te wè Jewova ‘ akselere travay rasanbleman an nan tan li. ’ Kounye a, nou gen anviwon 12 000 pwoklamatè. Sa fè plis pase 2 fwa edmi kantite pwoklamatè ki te genyen an 1987. Gen 12 siveyan itineran k ap desèvi 214 kongregasyon, e kantite asanble ki gen pou prepare chak ane vin de fwa plis. Ajoute sou sa, vin gen ogmantasyon nan travay k ap fèt pou tradui enstriksyon n ap itilize nan kongregasyon ak nan kongrè yo. Nou kapab wè kantite travay anplis biwo filyal la vin genyen pou satisfè bezwen tout pwoklamatè ki nan peyi a.

4 Filyal la bezwen plis travayè pou sèvi nan Betèl la. Konsa, yo vin bezwen gen plis chanm pou biwo, ak plis chanm pou loje moun nan Betèl la. Se poutètsa Lasosyete ap fè agrandisman filyal Santo a. N ap ‘ laji anplasman “ tant ” Betèl nou an, n ap etann twal tant lan, n ap lonje kòd tant yo, epi n ap konsolide pikèt tant yo. ’ ​(Iza. 54:2). Pati y ap ajoute sou konstriksyon ki la deja a pral fè gen yon lòt blòk pou rezidans. Pral gen yon nouvo sal pou lesiv avèk nouvo ekipman. Yo pral agrandi kuizin nan epi li pral pi byen ekipe. Pral gen yon nouvo depo pou piblikasyon e pou estoke materyèl. Yo pral transfòme ansyen depo a pou fè l tounen biwo, e se la nouvo bibliyotèk la pral ye tou.

5 Ki sa sa pral siyifi pou ou ? Avèk ekipman ki pi bon, ak yon fanmi Betèl ki ere, ki pi alèz, nou pral kapab founi w bagay ki nesesè pou sèvis sakre w la. Sa pral siyifi plis piblikasyon an kreyòl, yon pi bon sèvis e yon sèvis k ap pi rapid pou kongregasyon ak sikonskripsyon yo. Siman ou dwe kontan poutèt pwofi sa yo kongregasyon w lan pral jwenn nan.

6 Batisman pou glorifye Jewova : Agrandisman filyal la pa pral sèlman ekipe l pou bay pi bon sèvis. Sa nou ta renmen tou se pou tout batisman an vin yon kote ki diy pou pote non Jewova. E se pral yon bèl kote pou sèvi kòm sant adorasyon ki pwòp la nan peyi a. Gade foto yo ankò, epi konstate sa ou menm, ak je w. W ap fyè de nouvo Betèl ou a anpil ansanm ak nouvo biwo filyal la.

7 Se Lasosyete ki founi plan achitekti, materyèl ak ekipman pou pwojè konstriksyon an, e gen kèk kongregasyon ak kèk moun ki te voye don. Nou apresye sipò sa a nou bay la, frè. Travay konstriksyon an te kòmanse depi 1e fevriye 2000. Si nou vin vizite nou Santo kounye a, n ap wè nouvo bilding yo deja kòmanse pran fòm. Men gen anpil travay ki rete pou fèt toujou.

8 Gen 40 travayè anviwon k ap travay di. Pami yo gen sèvitè entènasyonal Lasosyete voye yo, epitou gen volontè entènasyonal ki fè pwòp depans pa yo pou yo vin ede nou nan pwojè a. Gen yon kantite frè nou nan peyi a tou ki ap travay a plen tan nan pwojè a. Yo fè yon trè bèl travay, pandan y ap aprann gen ladrès nan lòt domèn toujou.

9 Èske nou kapab jwenn privilèj pou nou travay tou sou chantye konstriksyon an ? Si gen nan nou ki elektrisyen, bòs chapant, plonbye, mason, oubyen ki konn poze mozayik, silvouplè fè nou konn sa. E si nou kapab pote nou volontè pou n travay pandan de semèn oswa pi lontan toujou, fè nou konn sa tou. Talè konsa nou pral bezwen moun ki abil nan domèn sa yo. Piske nou pa gen lojman sou chantye konstriksyon an, nou pi enterese nan moun ki ka jwenn pwòp lojman pa yo, tou pre Betèl la. Fòk moun nan kapab fè trajè a regilyèman pou l vin sou chantye a, pou l rive alè, pou l travay chak jou e tout lajounen an.

10 Pou fini, pa bliye priye pou nou. Nou bezwen èd Jewova, otreman kay k ap bati a, “ se pou granmesi moun ki te bati l yo t ap travay di. ” ​(Sòm 127:1). Konsa, sonje mete pwojè konstriksyon an nan lapriyè n ap fè ni lakay nou, ni nan reyinyon kongregasyon an. Bò kote pa nou, n ap lapriyè pou Jewova ba w anpil benediksyon nan patisipasyon pa w pou ‘ fè jistis ak louwanj jèmen devan tout nasyon yo. ’

[Foto nan paj 3]

Yon Betèl, yon biwo filyal pou onore non Jewova nan tout peyi a.

[Foto nan paj 4]

Kuizin ak salamanje pou nouri manm fanmi an.

[Foto nan paj 4]

Biwo administratif pou fè travay Wayòm nan kontinye avanse.

[Foto nan paj 5]

Yon pi gwo depo pou estoke pi plis piblikasyon ak tout lòt kalite materyèl.

[Foto nan paj 5]

Yon nouvo blòk rezidans pou ajoute sou sa ki te la deja a.

[Foto nan paj 6]

Ansyen blòk rezidans ki te bezwen agrandi a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje