Annou montre nou enterese nan travay estwòdinè Bondye yo
1 Pandan twa bèl jounen, nou te reyini ansanm nan kongrè distri “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”. Nou te kite tout sousi nou genyen nan lavi a deyè, pou nou konsantre nou sou travay estwòdinè Bondye yo. Yo te prevwa pwogram nan pou ogmante lafwa nou nan Bondye, lafwa nou nan Pawòl li, pou ranfòse relasyon nou avèk li e pou ogmante zèl nou nan ministè a. Ki pwofi nou tire nan bagay nou te aprann yo ? — Jan 13:17.
2 Ann obeyi Pawòl Bondye a an fanmi : Senpozyòm “ Obéissez à la Parole de Dieu ” a te ede nou egzamine nan ki kondisyon espirityèl fanmi nou ye. Timoun byen renmen aprann. Konsa, yo te ankouraje paran ki gen lakrentif pou Bondye yo, pou yo fè etid familyal la tounen fondman ki pou bati yon kay espirityèl solid. Anpil nan alatèt fanmi fè dyalòg ak pitit pa yo sou nouvo bwochi : Vous pouvez être l’ami de Dieu ! a. Bwochi sa a pral ede timoun yo santi yo ere e an sekirite grasa relasyon yo genyen avèk Jewova. Paran, aprann timoun nou yo ki jan pou yo enterese nan santiman Bondye. Se pou nou demontre lanmou pa nou pou Bondye e pou sa l fè yo (Sòm 103:2). Travay ansanm pou nou fikse bonjan objektif espirityèl ki mande pou nou bay tout nou menm nan sèvis Jewova, epi travay pou nou atenn objektif sa yo.
3 Pawòl Bondye a ap klere chemen nou : Nou te kontan resevwa tòm I nouvo liv la : La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains. Ki kote nou rive nan lekti premye tòm sa a ? Liv Izayi a te predi jijman terib pou nasyon ki pa gen lakrentif pou Bondye yo, tankou l te predi bèl benediksyon Wayòm nan pral pote pou pèp Bondye a (Iza. 34:2 ; 35:10). Li bati lafwa ak konfyans ni nan Jewova, ni nan fason li fè bagay yo. — Iza. 12:2-5.
4 Lè n ap li tòm I liv La prophétie d’Isaïe a, nou kapab santi depi okòmansman ki jan Izayi te lite pou l rete entèg devan Jewova, malgre li te antoure ak mechanste. Lè yo te fè Izayi envitasyon pou l sèvi kòm mesaje Bondye, li te reponn : “ Men mwen ! Voye m. ” (Iza. 6:8). Lè nou medite sou fason li te pote l volontè san grate tèt, sa pral ankouraje nou kontinye preche bon nouvèl la, e n ap patisipe san rezèv nan bay n ap bay ‘ tout nasyon temwayaj ’. — Mat. 24:14.
5 Lè nou montre nou enterese nan travay Jewova, n ap glorifye grandè li. Annou cheri privilèj nou genyen an, antanke moun k ap mete Pawòl Bondye a an pratik !