Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an novanm : Difizyon Nouvèl Wayòm no 36 la ap kontinye. Kongregasyon ki fin preche tèritwa yo, ki pran kontak ak moun ki nan chak kay oubyen ki deja kite yon Nouvèl Wayòm no 36 nan kay la kapab ofri bwochi Sa Bondye vle a (Attend) oswa liv Konesans lan (Connaissance). Si moun yo genyen liv sa yo deja, nou kapab sèvi swa ak liv Vivre éternellement an, swa ak liv Création an. Desanm : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la (oswa La connaissance qui mène à la vie éternelle) ak Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt an 1986 oswa avan sa, kongregasyon an genyen nan estòk li. Kongregasyon ki gen L’humanité à la recherche de Dieu, kapab ofri liv sa a tou. Fevriye : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?, La Révélation : le grand dénouement est proche ! oswa nenpòt ansyen liv 192 paj kongregasyon an genyen nan estòk li.
◼ Lè kanpay Nouvèl Wayòm no 36 la fini, si gen kongregasyon ki toujou gen depliyan ki rete, yo kapab ankouraje pwoklamatè yo pou yo ofri yo menm jan yo ofri nenpòt lòt depliyan, kit se lè y ap preche kay an kay, kit se nan lòt okazyon. Si pwoklamatè yo twouve sa apwopriye, yo kapab kite yon depliyan nan chak kay kote moun yo pa la. Lè konsa, yo dwe veye pou yo pa mete l sou je moun k ap pase. Nouvèl Wayòm no 36 la gen yon mesaj enpòtan ladann. N ap fè tout posib nou pou pa gen menm youn ki rete nan men nou.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziyen ta dwe verifye kont kongregasyon an 1e desanm oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè yon anons bay kongregasyon an, apre yo fin li pwochen rapò sèvis kont lan.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse mete Annuaire des Témoins de Jéhovah 2001 nan demann piblikasyon y ap fè depi nan mwa novanm. Annuaire la ap disponib ann anglè, ann espayòl ak an fransè. Jiskaske Annuaire yo disponib, n ap wè “ Articles notés pour plus tard ” make sou fakti y ap voye ban nou yo.