Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la oswa La connaissance qui mène à la vie éternelle ak Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1986 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki gen liv L’humanité à la recherche de Dieu kapab ofri li tou. Fevriye : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?, La Révélation : le grand dénouement est proche ! oswa nenpòt liv 192 paj kongregasyon an gen nan estòk li. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la oswa La connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik.
◼ Samdi 10 mas 2001, elèv Lekòl Gileyad yo ap gradye. Pou rezon sa a, yo pap ka fè moun vizite bilding Lasosyete yo ki nan Bwouklin, Patèsonn, ak Wòlkil, nan Nouyòk. Nenpòt moun ki te anvizaje fè yon vizit jou samdi sa a, ap planifye sa pou yon lòt lè ki apwopriye. Jou sa a, yo pap ni egzekite demann piblikasyon pou kongregasyon, ni yo pap livre piblikasyon.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2000 nan demann piblikasyon y ap fè an desanm. Volim relye yo ap disponib ann alman, anglè, chinwa, espayòl, franse, grèk, italyen, japonè, koreyen, kwowat, polonè, pòtigè, woumen, ak ris. Jiskaske yo disponib e jiskaske yo voye yo, n ap wè “ Articles notés pour plus tard ” make sou fakti yo. Volim relye yo se atik pou yo estoke an ti kantite.
◼ Pou Memoryal lan 2001 an, n ap voye fich envitasyon yo nan lang abityèl la pou chak kongregasyon ansanm ak fòmilè nou bezwen pou ane a. Si nou ta renmen fich envitasyon nan lòt lang yo pale nan tèritwa a, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou yon fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Fich envitasyon Memoryal la ap disponib ann albanè, Amenyen, Amenyen de lès, Anglè, Arab, chinwa, chinwa (senplifye), Espayòl, Espayòl, Fransè, Goujarati, Grèk, Hindi, Iloko, Italyen, Japonè, Kanbodyen, Koreyen, Kwowat, Lawosyen, Masedonyen, Olandè, Papyamento, Penjab, Pès, Polonè, Pòtigè, Ris, Samowa, Sèb, Tagalòg, Tik, Vyetnamyen ak, Woumen. Tanpri mande yo nan lang nou bezwen an sèlman pou tèritwa nou.