Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1986 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki gen liv L’humanité à la recherche de Dieu kapab ofri li tou. Fevriye : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?, La Révélation : le grand dénouement est proche ! oswa nenpòt liv 192 paj kongregasyon an gen nan estòk li. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la oswa La connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik. Avril : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Kote nou gen vizit ak moun ki enterese, nou kapab ofri abònman. Ofri liv Konesans lan oswa La connaissance oubyen bwochi Bondye vle a oswa Attend, avèk objektif pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Nan ane 2002, Memoryal la ap fèt jedi 28 masa, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm nan, sa ki oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans pou frè yo gentan fè rezèvasyon oubyen siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib ak lòt bagay yo bezwen. Ansyen yo dwe antann yo ak moun ki reskonsab la pou pa gen lòt moun k ap fè bri nan lokal la. Konsa Memoryal la ap fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans evènman an, lè y ap deziyen yon oratè pou Memoryal la, ansyen yo ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo kòm oratè, olye pou yo annik fè yon woulman oswa sèvi ak menm frè a chak ane. Y ap fè yon eksepsyon si gen yon kretyen wen ki yon ansyen kalifye e ki kapab prezante diskou a.
◼ Apati fevriye oswa 4 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante nouvo diskou “ Le Jour du Jugement : un jour de terreur ou d’espoir ? ”
◼ Tout pwoklamatè batize ki nan reyinyon sèvis semèn 8 janvye a, ap resevwa kat “ Instructions médicale/Pas de sang ” avèk “ Carte d’identité ” pou pitit yo.
◼ Y ap bay diskou piblik espesyal pou epòk Memoryal 2001 an dimanch 1e avril. Men tèm nan : “ Qui sera sauvé ? ” Yo pral voye plan diskou a. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, pral gen diskou espesyal la nan semèn 9 avril. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 1e avril 2001.
◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la dimanch 8 avril apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa ta dwe pase anblèm yo anvan sa. Verifye akilè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Piske pap gen okenn lòt reyinyon k ap fèt nan jou sa a, esepte reyinyon pou predikasyon, yo dwe fè aranjman nesesè pou etid La Tour de Garde la fèt nan yon lòt jou. Siveyan sikonskripsyon yo ap bezwen pwograme reyinyon pou semèn nan selon sikonstans yo nan zòn nan. Kwak li ta pi bon pou chak kongregasyon selebre Memoryal la apa, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, nou sijere pou gen omwen 40 minit ant seremoni yo pou pèmèt nou salye vizitè yo, ankouraje nouvo yo epi pwofite de okazyon an omaksimòm. Epitou, nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou machin paking oubyen pwoblèm sa kapab bay nan monte oswa nan desann machin. Kolèj ansyen yo ta dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la — chinwa fonetik
La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains I — polonè
Le gouvernement qui établira le Paradis — kiwoundi
Les Écritures grecques chrétiennes — Traduction du monde nouveau — albanè, ongwa
Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — sesoto, tswana
Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références — tchèk
Vous pouvez être l’ami de Dieu ! — arab, chinwa senplifye, ewe, polonè, swayili
◼ Nouvo kasèt odyo ki disponib :
Annou montre nou apresye eritaj espirityèl nou an (drame, une cassette) — japonè
Kenbe je w senp (dram, yon kasèt) — goujarati, indi
Avèk nimewo 1ye janvier 2001 an, La Tour de Garde ap kòmanse disponib sou kasèt odyo, nan lang neyèlandè.
[Nòt anba paj]
a Menm nòt sa a te parèt nan Ministè Wayòm desanm nan avèk yon erè dat ladann. Se dènye dat sa a, 28 mas 2002 a, pou nou kenbe.