Paran : Fè yon jan pou nou bay timoun nou yo bon abitid
1 Se pa tou natirèlman moun vin gen bon abitid, ni nonplis se pa pa aksidan. Anplisdesa, bay timoun bon abitid, sa mande tan. “ Bay bon abitid ” vle di “ transmèt li tikras pa tikras ” oswa “ fè li antre tigout pa tigout. ” Sa mande pou paran yo regilye nan fason y ap “ leve [pitit yo] nan disiplin ak nan avètisman Jewova yo. ” — Efe. 6:4.
2 Kòmanse depi yo toupiti : Ladrès timoun piti pou aprann e pou reyalize bagay ki nouvo sa trè remakab. Kwak byen souvan granmoun konn twouve li difisil pou yo aprann yon nouvo lang, timoun ki nan kindègadenn kapab aprann de oswa twa lang anmenmtan. Pa janm panse pitit pa w la twò piti pou l devlope bon abitid. Si byen bonè, yo kòmanse enstwi yon timoun nan verite Bib la, epi si sa kontinye, lè timoun nan vin gen de ou twazan, lespri li ap ranpli ak konesans ki pral fè li vin “ saj pou sali a. ” — 2 Tim. 3:15.
3 Fè predikasyon an tounen yon abitid : Preche bon nouvèl Wayòm nan regilyèman, se youn nan bon abitid pou nou bay yon timoun ki nan laj pou l pran fòmasyon. Gen anpil paran ki kòmanse soti nan predikasyon kay an kay ak pitit pa yo depi timoun yo toupiti. Paran ki toujou patisipe nan travay predikasyon an, ede pitit yo devlope apresyasyon ansanm ak zèl pou ministè a. Paran yo kapab montre pitit yo jan pou yo patisipe nan chak aspè sèvis la tou.
4 Si timoun yo enskri nan Lekòl ministè teyokratik, sa ap ede yo tou. L ap ba yo bon abitid pou yo etidye e pou yo li avèk entelijans. Y ap aprann fè konvèsasyon sou Bib la. Y ap aprann fè vizit, epi y ap aprann kondi etid biblik. Yon fòmasyon konsa kapab ankouraje yo pou yo vin pyonye, e li kapab ankouraje yo chèche rive jwenn privilèj sèvis espesyal. Anpil betelit ak misyonè renmen sonje se depi yo toupiti yo te enskri nan lekòl la, e yo konsidere li kòm yon dispozisyon ki te ede yo devlope bon abitid.
5 Nou tout nou tankou ajil nan men Jewova, Gran Potye a (Iza. 64:8). Tank ajil la mou, se tank li pi fasil pou w ba li fòm. Plis yo kite l seche, se plis li vin di. An jeneral se menm bagay la pou moun. Lè moun jèn, yo ka pran fòmasyon pi fasil. E tank yo pi jèn, se tank rezilta a ap pi bon. Se lè moun toupiti, yo nan laj pou pran fòmasyon, yo sanse ka pran bon fòm, oswa move fòm. Antanke bon paran, se bonè pou nou kòmanse bay pitit nou bon abitid nan ministè a.