Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?, La Révélation : le grand dénouement est proche ! oswa nenpòt liv 192 paj kongregasyon an gen nan estòk li. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Kote nou gen vizit ak moun ki enterese, nou kapab ofri abònman. Ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Bondye vle a, avèk objektif pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziye ta dwe verifye kont kongregasyon an 1e mas, oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo dwe pran dispozisyon pou ba yo èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt Lasosyete voye chak ane a, (S-201) ki date 1e oktòb. Al nan paj mitan Le ministère du Royaume out 1986, § 12-20 an tou.
◼ Samdi 12 me 2001, Filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa a li pap posib ni pou moun vizite Filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon.
◼ Lè n ap preche tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon, pwoklamatè yo kapab ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Bondye vle a. Si moun nan kay la gentan gen de piblikasyon sa yo deja, nou kapab ofri nenpòt lòt. Nou tout ta dwe pote divès kalite feyè pou moun ki pa la ak pou moun ki pa pran piblikasyon. Nou ta dwe fè efò pou nou kontinye kenbe enterè nou jwenn yo, sitou nan tèritwa ki ta merite gen pyonye espesyal oswa tèritwa ki fasil pou kongregasyon ki pa lwen.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Ki sa Bondye vle nou fè —chinwa (fonetik), malgach, malt, sango
La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains I —albanè, alman, arab, finwa, ikrenyen, jòjyen, kwowat, ongwa, sèb, sranan tongo, tchèk, woumen
La direction venant de Dieu : le chemin qui mène au Paradis —sèb
Les Témoins de Jéhovah : Qui sont-ils ? Quelles sont leurs croyances ? —koreyen, pòtigè, vyetnamyen.
Publications de la Société Watch Tower — Index 1986-1990 —kwowat
Publications de la Société Watch Tower — Index 1996-1997 —ris
Publications de la Société Watch Tower — Index 1999 —japonè
Que devient-on quand on meurt ? —trigrinya
Qui domine vraiment le monde ? (T —22) —trigrinya
Vous pouvez être l’ami de Dieu ! —albanè, alman, amenyen de lès, amharik, bilga, dànwa, ebre, fidjen, finwa, ikrenyen, iloko, kanbodjen, kwowat, lityànyen, masedonyen, navawo, ongwa, papyamento, pendjab, pès, samwa, sèb, sinalè, slovak, tayi, tchèk, tongan, twi
◼ Nouvo kasèt odyo ki disponib :
Annou montre nou apresye eritaj espirityèl nou an (dram, yon kasèt) —espayòl, finwa