Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Kote nou gen vizit ak moun ki enterese, nou kapab ofri abònman. Ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Bondye vle a, avèk objektif pou nou kòmanse etid biblik. Jen : Ki sa Bondye vle nou fè ? oubyen Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Konsantre nou sou aktivite kòmanse etid biblik.
◼ Pwoklamatè ki ta renmen sèvi kòm pyonye oksilyè ann avril ta dwe fè preparasyon depi kounye a, epi yo ta dwe remèt fich pyonye yo byen bonè. Sa pral ede ansyen yo pou yo fè aranjman pou predikasyon e pou yo prevwa gen kont peryodik ak piblikasyon sou lamen. Y ap fè kongregasyon an konnen non tout moun yo te apwouve kòm pyonye oksilyè.
◼ Memoryal la ap fèt dimanch 8 avril 2001. Yo pap fè okenn lòt reyinyon jou sa a, anwetan reyinyon pou predikasyon. Ansyen yo ka fè aranjman ki nesesè pou yo fè etid La Tour de Garde la yon lòt jou.
◼ Tout moun ki fè pati yon kongregasyon ta dwe bay tout abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan kongregasyon an, kit se nouvo abònman, kit se renouvèlman, kit se abònman pèsonèl pa yo.
◼ Yon moun ki fè demann piblikasyon pou kont li, Lasosyete pap voye l ba li. Chak mwa, anvan yo voye demann pou piblikasyon an ale bay Lasosyete, siveyan prezidan an ta dwe fè yon anons pou mete kongregasyon an okouran. Se yon fason pou tout moun ki ta vle fè yon demann pèsonèl, pou yo gen tan fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Li bon pou nou sonje ki piblikasyon ki fè pati atik ki fèt pou estoke an ti kantite.
◼ Li bon pou gwoup ki gen 10 moun oswa pi plis pase 10 ki ap fè pwojè pou vizite enstalasyon Lasosyete yo, pou yo ta voye yon nòt nan filyal la anvan. Nou ankouraje tout moun ki gen entansyon vizite Betèl la pou yo repase sa ki di nan Le ministère du Royaume mas 1998 konsènan abiman nou ak fason nou penyen, aparans nou lè n ap vizite Betèl.
◼ Men yon koreksyon ki fèt nan anons Ministè Wayòm janvye 2001 an, nan ribrik “ Nouvo piblikasyon ki disponib ” : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la — chinwa senplifye (pinyin). Piblikasyon ki fèt an chinwa senplifye yo gen tèks an chinwa senplifye ansanm avèk senbòl pwononsyasyon an pinyin. Piblikasyon sa yo itil sitou pou moun k ap aprann li an chinwa mandaren.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Jésus Christ : qui est-il ? (T-24) —estonyen
Ki sa Bondye vle nou fè ? —chinwa senplifye (pinyin)
La direction venant de Dieu : le chemin qui mène au Paradis — albanè, tamil
Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? —louganda, zande
Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! —tigrinya
Sujets de conversation bibliques —amharik
Viv ak lapè nan yon monn nouvo (T-15) —zande
Vous pouvez être l’ami de Dieu ! —chichewa, chona, endonezyen, toumbouka