BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/01 p. 8
  • Lanmou pouse nou preche

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lanmou pouse nou preche
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “ Lanmou Kris la genyen an oblije nou ”
    “Vin suiv mwen”
  • “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Se pou lanmou pouse n kontinye preche!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Renmen Bondye ki renmen w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 3/01 p. 8

Lanmou pouse nou preche

1 Antanke Temwen Jewova, yo plis rekonèt nou kòm moun ki chofe nan aktivite preche mesaj Wayòm nan (Mat. 24:14). Gen plis pase 6 milyon Temwen Jewova aktif nan lemonnantye, e gen nouvo k ap ajoute lè yo mete avèk nou pou yo preche. Rapò sa a baze sou kantite moun ki patisipe nan travay sa a.

2 Ki sa ki motive nou pou nou ofri tèt nou kòm volontè nan yon travay konsa ki sitèlman gen defi ladan l ? Se pa fòse yo fòse nou. Se pa byen materyèl ki tante nou. Se pa onè espesyal yo ban nou. Okòmansman, anpil nan nou te timid poutèt nou pa t santi nou kalifye, e moun nou te konn preche yo pa t konn byen reyaji (Mat. 24:9). Pifò obsèvatè pa ka konprann ki sa ki motive nou. Fòk gen yon rezon ki pouse nou pèsevere !

3 Pouvwa lanmou genyen : Jezi te idantifye kòmandman ki pi gwo nan tout kòmandman yo, lè l te di ‘ nou dwe renmen Jewova Bondye nou an ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou e ak tout fòs nou ’. (Mak 12:30.) Rasin lanmou nou genyen pou Jewova a, chita nan apresyasyon pwofon nou genyen pou idantite li ak pozisyon li. Antanke Chèf Souvren, antanke Kreyatè tout bagay, li ‘ merite, pou l resevwa laglwa, ak onè ak pisans ’. (Rev. 4:11.) Bèl bèl kalite li yo san parèy ! — Egz. 34:6, 7.

4 Konesans nou genyen sou Jewova epi lanmou nou genyen pou li pouse nou fè limyè nou klere devan lèzòm (Mat. 5:16). Limyè nou klere lè nou ba li louwanj an piblik, lè nou pale konsènan travay estwòdinè li yo, e lè nou gaye mesaj Wayòm li a. Tankou anj ki te nan mitan syèl la, nou gen ‘ bon nouvèl etènèl pou n anonse kòm evanjil pou tout nasyon, ak tribi, ak lang, ak pèp ’. (Rev. 14:6.) Lanmou nou se fòs ki dèyè travay predikasyon mondyal la.

5 Monn nan pran travay predikasyon nou an pou yon “ foli ” ki pa merite pou moun okipe (1 Kor. 1:18). Yo fè anpil efò pou yo kraze travay nou an. Lanmou fidèl nou genyen an ban nou fòs pou nou fè menm deklarasyon avèk apot yo lè yo te di : “ Nou pa kapab sispann pale de bagay nou te wè ak bagay nou te tande. Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm. ” ​(Tra. 4:20 ; 5:29). Travay predikasyon an ap kontinye gaye tout kote sou tè a, malgre opozisyon.

6 Lanmou nou pou Jewova tankou yon dife boule k ap pouse nou pwoklame prensip wo nivo l yo toupatou (Jer. 20:9 ; 1 Pyè 2:9). Nou pral kontinye “ fè pèp yo konnen jan li aji [...] paske li aji yon fason ki reyèlman estwòdinè ” ! — Iza. 12:4, 5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje