Nouvèl teyokratik
◼ Mwa mas ane sa a te gen 678 pyonye oksilyè. Sa reprezante 244 % an plis parapò ak kantite ki te genyen ane pase, nan menm mwa a.
◼ Ann avril, te gen gwo efò ki te fèt pou envite nouvo ansanm ak lòt moun vin asiste selebrasyon Repa Seyè a, evènman ki gen anpil enpòtans. Ki rezilta sa te bay ? Yo te reyini 64 673 moun nan 215 kongregasyon ann Ayiti. Sa fè gen 13 254 moun an plis parapò ak ane pase e sa reprezante yon ogmantasyon 25,8 %. E se pa sa sèlman : gen 11 935 pwoklamatè ki te patisipe nan predikasyon e yo te kondi 19 113 etid biblik pou mwa avril la. Se premye fwa nou kondi tout etid biblik sa yo ann Ayiti. Tout chif sa yo montre ‘ jaden yo toujou tou blan pou fè rekòt ’. (Jan 4:35.) Nou gen Jewova rekonesans pou beni l beni efò nou tout te fè.
◼ Kounye a, gen 6 etidyan ki soud k ap preche. Youn ladan yo te batize 3 me nan jounen asanble espesyal sikonskripsyon no 4 ki te fèt Santo a.
◼ Nouvo kongregasyon : Laptitans (Okap), Chipa (Hench), Dèlma Nò, Maryani Ès (Kafou), Bèten (Kafou).