Fè jèfò pou w montre moun li ak ekri
Ala kontan nou kontan anons yo te li nan semèn 12 novanm nan, konsènan bwochi Fè jefò pou w konn li ak ekri a ki disponib kounye a nan lang kreyòl ayisyen.
Tout kongregasyon ap resevwa yon kantite dekwa pou chak pwoklamatè jwenn youn. Anplis de sa, kongregasyon yo ap kite yon kantite pou yo òganize lekòl alfabetizasyon, e pou pwoklamatè yo sèvi lè y al preche.
Tout siveyan Lekòl ministè teyokratik ap santi nesesite pou yo òganize lekòl la nan kongregasyon pa yo, si l poko sou pye. Sepandan, zafè pa konn li ak ekri a se pa siveyan lekòl la sèlman sa konsène. Se yon pwoblèm ki konsène tout pwoklamatè. Poukisa ? Pou yon rezon byen senp : tank gen moun ki konn li, se tank ap gen plis posiblite pou mesaj bon nouvèl la touche kè plis moun. Èske se pa objektif nou ?
Konsa, nou pral pare pou nou byen sèvi ak zouti sa a. Ki sa pou nou fè lè nou rankontre yon moun ki pa konn li antan n ap preche ? Nou ka fè de bagay :
◼ Nou ka montre moun nan li nou menm. Anpil pwoklamatè jwenn bon rezilta lè yo konsakre 30 minit nan tan yo pase ap etidye ak moun nan pou yo montre l li ak ekri. (N ap gen pou nou jwenn plis enfòmasyon sou jan nou ka fè sa.)
◼ Oubyen tou, nou kapab atire atansyon moun nan sou lekòl ki fèt nan sal la. Konsa n ap bezwen bay moun nan adrès lekòl la (pi souvan se ap nan sal la), epi n ap bezwen presize jou ak lè lekòl la fonksyone.
Nou ankouraje tout moun pou yo li bwochi a nèt, pou yo ka vin abitye ak fason yo ekri lang kreyòl la, lang nou pale chak jou a.