BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/02 p. 7
  • Se moman pou nou konstwi plis Sal Wayòm !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se moman pou nou konstwi plis Sal Wayòm !
  • Ministè Wayòm nan — 2002
Ministè Wayòm nan — 2002
km 1/02 p. 7

Se moman pou nou konstwi plis Sal Wayòm !

An 1999, Kolèj santral la te pran yon lòt dispozisyon pou li ede plis kongregasyon konstwi Sal Wayòm. Ki sa ki fèt nan sans sa a bò lakay pa nou ?

Sa ki deja fèt : Depi mwa me 2000 gen yon Biwo konstriksyon Sal Wayòm k ap fonksyone nan filyal Ayiti a. Objektif biwo sa a se tabli plizyè ekip konstriksyon Sal Wayòm ki pral travay a plen tan pou bati Sal kote ki gen bezwen. Pou kounye a, genyen de ekip konstriksyon ki deja ap travay. Nan mwa jiyè 2001, premye ekip la te kòmanse bati yon Sal nan tèritwa kongregasyon Kris Wa. Nan mwa oktòb 2001, dezyèm ekip la te kòmanse bati yon Sal nan tèritwa Sen Michèl de Latalay. Ekip sa yo genyen frè ak sè, selibatè, moun marye, Ayisyen kou etranje, ki dispoze sèvi nenpòt kote ki gen bezwen. Frè ak sè sa yo merite anpil felisitasyon pou lespri sakrifis yo demontre yo genyen. — Lik 14:33.

Fason nou ka soutni pwojè konstriksyon Sal Wayòm yo : Toudabò, nan chak kongregasyon ta dwe genyen yon bwat ki make “ Fon pou Sosyete a konstwi Sal Wayòm ”. Tout pwoklamatè ta dwe sonje bwat sa a lè y ap fè ofrann. Yon lòt fason nou ka soutni dispozisyon sa a, se lè nou ofri tèt nou kòm volontè pou travay sou yon chantye. Tout kongregasyon te resevwa fòmilè “ Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction de Salles du Royaume ”. Si ou se yon pwoklamatè batize e ou dispoze travay pandan de semèn oubyen plis sou yon chantye konstriksyon, nou ankouraje ou ranpli fòmilè sa a. — Sòm 110:3.

Se moman pou nou konstwi ann Ayiti : Yon Sal Wayòm ki bèl, ki pwòp e ki atiran, se yon motè pou pwogrè. Malerezman, anpil kongregasyon nan peyi nou pa genyen privilèj sa a. Li tris pou nou di sa, men nan anpil vil pwovens, frè ak sè nou yo se yon kay yo oblije lwe pou fè reyinyon, e pafwa kay la twò piti e li pa menm fin kòdyòm. Gen anpil Sal Wayòm ki pa kadre ak diyite Jewova. Sal sa yo merite rekonstwi. Gen kèk Sal Wayòm se kat kongregasyon, oubyen menm senk ki itilize yo. Sa frennen pwogrè paske gen anpil envite ki pa ka vini nan reyinyon. Ala kontan yo ta kontan pou yo gen yon Sal nan tèritwa pa yo ! Pou nou ta fè fas kòrèkteman ak bezwen nou pou kounye a, e ak pwogrè nou anvizaje, fòk nou ta bati 70 Sal Wayòm nan peyi a nan senk ane k ap vini yo. Vrèman vre se moman pou nou konstwi ann Ayiti ! Èske w ap potekole ? Jewova ap kontan si w fè sa. — Ekl. 3:3 ; Iza. 6:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje