Moun ki gen plis kè kontan sou tè a
1 “ Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye l la ! ” (Sòm 144:15). Pawòl sa yo akonpli sou Temwen Jewova yo. Yo se moun ki gen plis kè kontan sou tè a. Sa ki bay plis kè kontan nan lavi a, se sèvi n ap sèvi Jewova, sèl vrè Bondye a. Piske Bondye se yon “ Bondye ki gen kè kontan ”, menm kè kontan an dwe parèt nan moun k ap adore l yo (1 Tim. 1:11). Annou wè kèk aspè nan adorasyon nou ki kontribye pou fè nou gen kè kontan sa a.
2 Rezon ki fè nou gen kè kontan : Jezi te ban nou garanti n ap jwenn kè kontan lè nou gen konsyans nou “ pòv espirityèlman ”. (Mat. 5:3.) Nou ka jwenn solisyon pou pòv nou pòv espirityèlman an, lè nou kontinye etidye Bib la, e lè nou kontinye asiste tout reyinyon kongregasyon an. Aprann nou aprann laverite nan Pawòl Bondye a, sa libere nou anba fo doktrin ak erè ki genyen nan larelijyon (Jan 8:32). Yon lòt bò, Bib la anseye nou pi bon fason pou nou viv (Iza. 48:17). Se sa k fè nou kontan tire pwofi nan bon moman n ap pase ak frè nou yo. — 1 Tes. 2:19, 20 ; 1 Pyè 2:17.
3 Nou jwenn gwo lakontantman tou, lè nou obeyi prensip moral wo nivo Bondye yo, paske nou konnen se pwoteksyon sa ye pou nou, e sa fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Koute sa yon jounalis di : “ Malgre Temwen Jewova yo gen prensip ki estrik, yo pa tankou moun ki nan tristès. Okontrè, kit se jèn, kit se granmoun, [...] yo sanble moun ki kontan, moun ki ekilibre, bagay ou pa jwenn fasil. ” Kouman nou ka ede lòt moun pou yo vin viv ak menm kè kontan sa a ?
4 Ede lòt moun jwenn kè kontan : Plen moun nan monn nan ki pa kontan. Lavni an parèt sonm pou anpil moun. Toutfwa, pou nou menm, nou wè demen yon fason pozitif, e nou konnen yon jou, tout tristès pral tounen bagay ansyen tan (Rev. 21:3, 4). Donk, n ap chofe ap travay nan predikasyon, n ap chèche moun ki gen bon kè, pou nou pataje esperans ak kwayans nou genyen sou Jewova ansanm avèk yo. — Eze. 9:4.
5 Men sa yon sè ki pyonye di : “ Pa gen anyen ki bay plis satisfaksyon pase ede lòt moun konnen Jewova, konnen laverite. ” Annou fè tout sa nou kapab pou nou ankouraje plis moun toujou, pou yo aksepte etidye Bib la lakay yo. Lè nou sèvi Jewova e lè nou ofri tèt nou pou nou ede lòt moun sèvi Jewova, sa bay pi gwo kè kontan ki egziste. — Tra. 20:35.