Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : La Révélation : le grand dénouement est proche ! ; La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oswa nenpòt ansyen liv 192 paj kongregasyon an gen nan estòk li. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Kote nou gen vizit ak moun ki enterese, nou kapab ofri abònman. Ofri bwochi Bondye vle a avèk objektif pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Lè n ap preche tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon, pwoklamatè yo kapab ofri bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan. Si moun nan kay la gentan gen de piblikasyon sa yo deja, nou kapab ofri nenpòt lòt. Nou tout ta dwe pote divès kalite feyè pou moun ki pa la ak pou moun ki pa pran piblikasyon. Nou ta dwe fè efò pou nou kontinye kenbe enterè nou jwenn yo, sitou lè gen kongregasyon ki pa twò lwen yon tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon.
◼ Samdi 11 me 2002, Filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa a li pap posib ni pou moun vizite Filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziyen ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye mas oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè yon anons bay kongregasyon an, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo ap pran dispozisyon pou ba yo èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt S-201 Lasosyete voye chak ane yo. Al nan paj mitan Ministè Wayòm mwa out 1986, § 12-20 an tou.
◼ Fètatansyon ak pwogram magouy k ap sikile sou Entènèt ak nan kourye, pou mande frè nou yo lajan, swadizan y ap ede moun ki viktim nan dezas. Lè gen sikonstans ki mande pou nou fòme yon komite sekou pou nou bay Temwen Jewova èd, y ap fè frè responsab yo konn sa. Nou ta dwe voye ofrann sa yo bay Watch Tower, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.
◼ Y ap bay diskou piblik espesyal pou epòk Memoryal 2002 a dimanch 14 avril. Men tèm nan : “ Pa janm bliye ‘ gran jou terib ’ la ! ” Yo pral voye plan diskou a. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, pral gen diskou espesyal la nan semèn annapre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 14 avril 2002.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? (T-26) —fransè
Ansèyman fondamantal Bib la —kreyòl ayisyen
Ki sa Bondye vle nou fè ? —kreyòl morisyen
La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains II — (gwo lèt) —anglè
Tirez profit de l’École du ministère théocratique —anglè, espayòl
◼ Nouvo kasèt odyo ki disponib :
Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an — kasèt odyo (Dram, yon kasèt) —espayòl
◼ Nouvo kasèt videyo ki disponib :
Le plus grand homme de tous les temps — kasèt videyo, tòm 5 — lang siy ameriken