Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me: La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Ofri moun ki enterese yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Jen : Ki sa Bondye vle nou fè ? oubyen Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li.
◼ Pwoklamatè ki ta renmen pyonye oksilyè nan mwa avril ta dwe planifye yo depi kounye a pou yo remèt fich pyonye yo byen bonè. Sa pral ede ansyen yo fè aranjman ki nesesè pou predikasyon tankou, chèche genyen kont peryodik ak piblikasyon sou lamen. Yo ta dwe fè konnen non tout moun yo apwouve kòm pyonye oksilyè nan kongregasyon an chak mwa.
◼ Y ap fè Memoryal la ane sa a jou k ap jedi 28 mas 2002 a. Si kongregasyon w lan abitye fè reyinyon jedi, yo kapab chanje jou sa a pou yon lòt lè nan semèn nan si Sal Wayòm nan disponib pou sa. Si sa pa posib e reyinyon sèvis nou vin gen pwoblèm akòz de sa, pati ki vrèman bon pou kongregasyon nou an, nou kapab fè l parèt nan yon lòt reyinyon sèvis.
◼ Filyal la pa egzekite demann pèsonèl moun fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an gen pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon, se kòmann espesyal yo ye.
◼ Li bon pou gwoup ki gen 10 moun oswa pi plis pase 10 ki prevwa vizite Betèl la, pou yo ta voye yon nòt nan filyal la anvan. Nou ankouraje tout moun ki gen entansyon vizite Betèl la pou yo repase sa ki di nan Le ministère du Royaume mas 1998 konsènan abiman nou, fason nou penyen ak teni nou lè n ap vizite Betèl.
◼ Kounye a La Tour de Garde disponib an gwo lèt nan lang efik, igbo ak yowouba.
◼ Tout lòt piblikasyon ki pral parèt nan lang azèbaydjan pral sèvi avèk estil lèt women (oswa laten). Pandan yon ti tan ankò genyen nan piblikasyon sa yo k ap disponib an sirilik.