BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/02 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2002
Ministè Wayòm nan — 2002
km 4/02 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Si moun w al vizite yo enterese, mete yo nan wout peryodik ou. Ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Jen : Ki sa Bondye vle nou fè ? oubyen Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li. Jiyè : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Pou bwochi ki vin annapre yo, nou kapab ofri yo lè sa apwopriye. Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Un livre pour tous.

◼ Apati mwa d avril, ensiy pou kongrè distri 2002 ap disponib an franse. Piske y ap voye yo otomatikman ansanm ak piblikasyon yo, li pa nesesè pou nou kòmande yo. Ensiy yo ap rive nan chak kongregasyon pa pake ki gen 25, selon kantite pwoklamatè ki gen nan kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen plis, yo ka fè demann sou fomilè Demande de publications an (S-14). Si gen moun nan kongregasyon an ki vle pòt ensiy plastik, se kòmann pou kongregasyon an fè pou yo.

◼ Lasosyete toujou bezwen gen lis adrès ak nimewo telefòn ki ajou pou tout siveyan prezidan ak sekretè. Pou lis sa a ka ajou, depi gen yon chanjman, li te mèt se nimewo telefòn nan ki chanje, sekretè a dwe ranpli yon fich chanjman siveyan prezidan/sekretè (S-29), voye bay Lasosyete rapid rapid.

◼ Nan chak kongregasyon, sekretè yo dwe toujou gen yon estòk fich pyonye oksilyè (S-205), ak yon estòk fich pyonye pèmanan (S-205b). Nou ka fè demann fich sa yo sou fòmilè Demande de publications an (S-14). Se pou nou gen kont fich pou omwens ennan. Verifye tout demann moun fè pou sèvis pyonye, pou nou sèten yo ranpli fich la okonplè. Si gen moun ki pa ka sonje dat yo te batize, yo ta dwe bay yon dat apeprè epi yo ta dwe kenbe dat sa a.

◼ Lè yon moun prevwa vwayaje nan yon lòt peyi e li planifye pou l al asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon, oswa kongrè distri, se pou l ekri filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a, pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, sou lè, oswa sou adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.

◼ Kounye a, yo pibliye La Tour de Garde an gwo lèt nan lang zoulou.

◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :

Publications de la société Watch Tower Index — 2001 — anglè

◼ Nouvo kasèt videyo ki disponib :

Egzanp ki pou ban nou leson nan tan pa nou an — kasèt videyo — anglè

Le plus grand homme de tous les temps — kasèt videyo, tòm 7 — lang siy ameriken

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje