BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/02 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2002
Ministè Wayòm nan — 2002
km 5/02 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Ofri moun ki enterese yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Jen : Ki sa Bondye vle nou fè ? oubyen Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Pou bwochi ki vin annapre yo, nou kapab ofri yo lè sa apwopriye : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Un livre pour tous.

◼ Apati mwa me, y ap kòmanse mete tout fòmilè ki disponib kongregasyon an ap bezwen pou ane a ansanm ak piblikasyon y ap voye bay kongregasyon yo. N ap jwenn enfòmasyon sou fason pou nou sèvi ak fòmilè yo nan “ packing list ” ki akonpaye piblikasyon yo. Si gen plizyè kongregasyon ki reyini nan menm Sal Wayòm nan, kowòdonatè piblikasyon an ap veye pou chak kongregasyon jwenn fòmilè pa yo san pèdi tan.

◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye jen, oswa kou sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ Si nou vle fè yon chèk kòm ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstwi Sal Wayòm, li ta bon pou nou fè l sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ”.

◼ KONGRÈ DISTRI — CHANJMAN : Senk kongrè distri La Tour de Garde 15 fevriye 2002 te di ki te ka fèt Oakland, nan eta Kalifòni, pap fèt la ankò. Finalman, y ap fèt Cow Palace, 2600 Geneva Ave., San Francisco, nan menm dat yo.

◼ Piblikasyon ki fèk parèt an bray :

Tirez profit de l’École du ministère théocratique (kat tòm) — anglè, dezyèm degre

Tirez profit de l’École du ministère théocratique (sis tòm) — espayòl, premye degre

Note sa : Piblikasyon an bray yo, se nan kongregasyon an nou dwe mande yo. N ap voye yon fomilè Demande de publications (S-14) ale apa pou piblikasyon an bray yo. Pa bliye mete non moun ki konn li bray la ak adrès li. Silvouplè ekri : ATTENTION : BRAILLE DESK sou fomilè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje