Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 me
“ Èske w panse li posib pou yon moun rive konnen Bondye ? [Kite moun nan reponn.] W ap dakò avè m, li pa fasil pou nou kwè nan yon moun nou pa byen konnen. An reyalite, Bib la ankouraje nou chèche Bondye. [Li Travay 17:27.] Peryodik sa a montre ki jan nou kapab rive konnen Bondye pi byen. ”
Réveillez-vous ! 22 me
“ Toupatou sou tè a, dirijan yo ap chèche lide adwat agoch, pou yo wè si y a rezoud pwoblèm lèzòm rankontre. Kounye a se yon kesyon mondyalizasyon k ap pale. Si w li peryodik sa a, w ap wè ki jan kesyon mondyalizasyon an kapab deja kòmanse enfliyanse lavi w. Epi w ap tou wè ki solisyon mondyal Bib la te predi. ” Apresa, li Matye 6:9, 10 ak moun nan.
La Tour de Garde 1ye jen
“ Evènman k ap pase kounye a fè anpil moun mande poukisa tout inosan sa yo ap mouri anvan lè yo konsa. Èske sa deja rive ou mande poukisa moun mouri ? [Kite moun nan reponn epi montre l tablo ki nan paj 7 la.] Èske w pa ta renmen wè ki sa Bib la di sou youn nan lejann sa yo ? ” Si posib, li youn nan vèsè yo site yo.
Réveillez-vous ! 8 jen
“ Anpil moun santi relijyon ak lasyans pa mache ansanm. Genyen ki menm rive panse yon moun ki gen espri syantifik pa ka kwè nan Bondye. E ou menm, ki sa w panse ? [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! fè yon bèl rale sou kesyon sa a. ”