BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/02 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 7/02 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 jiyè

“ Èske ou panse mechan yo al boule nan lanfè ? [Kite moun nan reponn.] Bib la montre nou byen klè ki pinisyon ki genyen pou moun ki peche. [Li Women 6:23a.] Donk, èske lanfè se yon kote moun al soufri nan dife ? Èske se senpman lè yon moun ap viv nan sitiyasyon kote li separe ak Bondye ? W ap jwenn repons Bib la bay sou kesyon sa yo nan peryodik sa a. ”

Réveillez-vous! 22 jiyè

“ Anpil moun konsidere jwèt aza kòm yon fason pou yo distrè yo ak zanmi yo. Men, anpil lòt moun panse se yon danje pou tout fanmi ak sosyete a. Pa twò lontan, gen moun ki te fè rechèch sou kesyon jwèt aza a. Réveillez-vous ! sa a pale sou sa. W ap byen kontan wè gen prensip biblik ki touche sijè sa a. ” Pou montre sa, ou kapab li yon tèks biblik tankou 1 Timote 6:10.

La Tour de Garde 1ye out

“ Anpil moun panse pa gen okenn mal si yo kite sipèstisyon aji sou panse yo ak konpòtman yo. [Montre youn oubyen de pwen nan kare ki nan paj 5 lan.] Èske w janm mande tèt ou ki sa ki kache dèyè sipèstisyon. [Lè moun nan fin reponn, li 2 Korentyen 11:14.] Peryodik sa a ap montre w sa Bib la di sou sipèstisyon. ”

Réveillez-vous! 8 out

“ Fenomèn vyolans ak teworis k ap grenpe nan monn nan bay anpil moun tèt chaje. Petèt w ap dakò ak pawòl nou jwenn nan Eklezyas 8:9 la. [Li vèsè a, epi kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a montre sa listwa aprann nou e kòman dominasyon lèzòm pral fini talè konsa. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje