BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/02 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2002
Ministè Wayòm nan — 2002
km 9/02 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun w al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ki sa Bondye vle nou fè ? oswa Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Si moun yo deja gen piblikasyon sa yo, nou ka ofri yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis.

◼ Yo ta dwe tann kongregasyon an fin asiste kongrè distri anvan yo distribye Ministè Wayòm oktòb 2002 a.

◼ Ansyen yo ap sonje pou yo suiv enstriksyon nou jwenn nan La Tour de Garde 15 avril 1991, paj 21-3, konsènan nenpòt eskli oswa moun ki te fè retrè volontè ki ta vle reyentegre.

◼ Si yon moun voye yon demann piblikasyon pou tèt pa l nan filyal la, yo pap egzekite l. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons nan kongregasyon an chak mwa anvan yo voye demann piblikasyon nan filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.

◼ Kounye a Toudegad parèt nan lang kreyòl ayisyen yon fwa pa mwa. Y ap kòmanse avèk nimewo 1ye septanm 2002.

◼ Kounye a Toudegad parèt nan lang siy ameriken sou kasèt videyo yon fwa pa mwa. Y ap kòmanse avèk nimewo 1ye septanm 2002.

◼ Kounye a Réveillez-vous ! parèt sou kasèt odyo nan lang siy koreyen de fwa pa mwa. Y ap kòmanse avèk nimewo 8 septanm 2002.

◼ Pafwa, gen kongregasyon oubyen pwoklamatè k ap fè fas ak yon seri sitiyasyon ki gen rapò ak leta konsènan adorasyon n ap bay Jewova. An 1950, yo te pibliye bwochi Defending and Legally Establishing the Good News (Defans ak etablisman bon nouvèl la devan lalwa) pou ede frè yo nan sans sa a. Menmsi bwochi sa a te gen tout itilite l nan tan pase yo, men pou kounye a li depase. Sa vle di, ni kolèj ansyen, ni pwoklamatè pa ta dwe sèvi ak bwochi sa a pou yo ta regle kesyon ki gen rapò ak leta ankò.

◼ Y ap bay diskou piblik espesyal pou epòk Memoryal 2003 a dimanch 27 avril. Y ap voye tèm diskou sa a pi devan ansanm ak plan an. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, pral gen diskou espesyal la nan semèn annapre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 27 avril 2003.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje