Ann montre nou respekte angajman nou te pran an
1 Kit se tou lòtjou la a nou batize, kit nou batize depi plizyè dizèn ane, siman nou sonje evènman enpòtan sa a nan lavi nou. Sèvis n ap bay Jewova antanke moun ki vwe lavi nou ba li pa fini lè nou batize. Okontrè, se atò l kòmanse e li ka dire pou tout tan (1 Jan 2:17). Men, pou nou respekte angajman nou te pran an, ki sa sa mande ?
2 Suiv egzanp Kris : Tousuit apre Jezi te fin batize, li te “ kòmanse aktivite l ”, li t ap anonse “ bon nouvèl wayòm Bondye a ”. (Lik 3:23 ; 4:43.) Menm jan an tou, imedyatman apre batèm pa nou, nou vin yon minis Bondye mandate pou preche bon nouvèl la. Menmsi, pou nou rive jwenn nesesite lavi a, sa mande anpil tan ak anpil efò, prensipal aktivite nou se predikasyon (Mat. 6:33). Menm jan ak apot Pòl, moun ki vwe vi yo bay Bondye, yo chèche ‘ onore ministè yo ’ olye pou y ap fè pakèt efò pou yo ka vin rich oswa pou yo vin yon pèsonaj enpòtan (Wom. 11:13). Èske w gen anpil apresyasyon pou privilèj ou genyen pou w sèvi Jewova ? Èske w bay travay w ap fè pou li a anpil valè ?
3 Menm jan ak Jezi, nou dwe “ kenbe tèt ak Dyab la ”. (Jak 4:7.) Apre batèm Jezi, Satan te tante l. E se menm bagay la tou jodi a, li vize sèvitè Jewova yo ki vwe vi yo ba li (Lik 4:1-13). Piske nou antoure ak monn Satan an, nou dwe aprann disipline tèt nou. Evite tout bagay ki ka kontamine espri nou oswa ki ka kòwonp kè nou (Pwo. 4:23 ; Mat. 5:29, 30). Pòl te di kretyen yo ‘ yo pa ka ap manje sou “ tab Jewova ” epi pou y ap manje sou tab demon yo. ’ (1 Kor. 10:21). Sa mande pou nou pwoteje tèt nou kont tout divètisman ki pa fèt pou kretyen, e pou nou evite move frekantasyon ak tout danje ki gen sou Entènèt. Sa mande tou pou nou rejte tout sa aposta yo pwodui. Si nou rete veyatif an rapò ak bagay sa yo e an rapò ak tout lòt taktik Satan yo, sa ap ede nou respekte angajman nou te pran an.
4 Pwofite tout dispozisyon Bondye mete an plas yo : Pou Jewova ka ede nou respekte angajman nou te pran an, li ban nou pawòl li ak òganizasyon l lan. Nan pwogram nou genyen pou chak jou, annou prevwa pou nou li Labib e pou nou priye Jewova (Joz. 1:8 ; 1 Tes. 5:17). Se pou nou kontan lè nou nan reyinyon (Sòm 122:1). Frekante moun ki gen krent pou Jewova epi aplike kòmandman l yo. — Sòm 119:63.
5 Grasa èd Jewova, n ap ka respekte angajman nou te pran an e n ap ka gen lajwa pou nou sèvi l nètale. — Sòm 22:26, 27 ; Fil. 4:13.