Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki gen liv L’humanité à la recherche de Dieu kapab ofri li tou. Fevriye : N ap prezante liv ki fèk parèt la, ki gen tit Approchez-vous de Jéhovah. Filyal ki pa ko gen liv sa a ka ranplase l swa avèk liv Création an oubyen ak liv Révélation : dénouement. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a si moun nan te etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a.
◼ Apati mwa fevriye oswa 2 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante diskou “ Délivrés d’un monde de ténèbres ”.
◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la mèkredi 16 avril, apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa ta dwe pase anblèm yo anvan sa. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, nou sijere pou gen omwen 40 minit ant seremoni yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite okazyon an o maksimòm. Nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou machin paking, oubyen pwoblèm sa kapab bay nan monte oswa nan desann machin. Ansyen yo ta dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.
◼ Lis piblikasyon ki fèk disponib pap parèt nan Ministè Wayòm ankò. Dispozisyon sa a kòmanse avèk Ministè Wayòm mwa sa a. Y ap kontinye voye yon anons bay kongregasyon yo chak mwa. N ap fè nou sonje, yon fwa yo fin jwenn lèt “ Anons pou tout kongregasyon ” an, y ap bay anons lan nan reyinyon sèvis k ap vini an. Lèfini, y ap mete lèt la sou tablo afichaj la. Apre sa, responsab piblikasyon an ap konsève lèt la nan dosye pa l.