Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : N ap prezante liv ki fèk parèt la, ki gen tit Approchez-vous de Jéhovah. Filyal ki poko gen liv sa a ka ranplase l swa avèk liv Création an oubyen ak liv Révélation : dénouement. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziyen ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye mas oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè yon anons bay kongregasyon an, apre yo fin li rapò sèvis kont lan. Li nòt yo voye pou yo remèsye nou pou ofrann kongregasyon an fè pou travay mondyal la, oswa pou nenpòt lòt ofrann kongregasyon an fè.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo ap pran dispozisyon pou ba yo èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt S-201 Lasosyete voye chak ane yo. Gade tou nan paj mitan Ministè Wayòm mwa out 1986, § 12-20.
◼ Men tit diskou espesyal pou epòk Memoryal ane 2003 a: “ L’heure du jugement de Babylone a-t-elle sonné ? ” Gade anons yo te deja bay sou sa nan Ministè Wayòm Septanm 2002 a.
◼ Piske pa gen sèvis abònman ankò, li enpòtan pou yo distribye Toudegad ak Réveillez-vous ! ki fèk parèt yo nan kongregasyon an san pèdi tan. Konsa, pwoklamatè yo ap gentan gen peryodik pa yo pou yo li, anvan y al ofri yo nan predikasyon.