Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : Liv Konesans lan. Fè yon efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Pwoklamatè yo dwe fè moun y ap pale avèk yo a konnen yo kapab bay ofrann pou travay mondyal la. Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè tout sa n kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li.
◼ Pwoklamatè ki ta renmen pyonye oksilyè nan mwa avril ta dwe planifye yo depi kounye a pou yo remèt fich pyonye yo byen bonè. Sa pral ede ansyen yo fè aranjman ki nesesè pou predikasyon, tankou chèche genyen kont peryodik ak piblikasyon sou lamen. Chak mwa, yo ta dwe fè konnen non tout moun yo apwouve kòm pyonye oksilyè nan kongregasyon an.
◼ Filyal la pap egzekite demann pèsonèl moun fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an fè pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.
◼ Sal Wayòm yo fèk konstwi ann Ayiti : Dèlma Wès, Fleranso (Senmak), Pòsali, Santo ak Senmak Sid.
◼ Nouvo kongregasyon ann Ayiti : Mayi Gate ak Petyonvil Nòdès.
◼ Nouvo pwogram : Depi mwa jiyè 2002, nou kòmanse pwogram predikasyon nan prizon ann Ayiti. Frè ak sè ki preche nan 4 prizon nan kapital la kite 1 678 piblikasyon (liv, bwochi ak peryodik) nan men prizonye yo. Yo pase 785 èdtan ap etidye Labib ak 110 prizonye. Gen ladan yo ki fè konnen se kounye a y ap aprann konnen Bondye egziste e gen bagay yo t ap fè, Bondye kondane. Verite biblik yo ankouraje yo pou yo rejte sa ki mal tankou vòlè, krim, vann dwòg, imoralite seksyèl ak lòt move zak ankò. Yon lòt bò, yo aprann fè sa ki byen e gen ladan yo ki aprann li ak ekri. Temwen Jewova yo jwe yon gwo wòl nan ede prizonye yo aprann viv an sosyete e nan ede yo pou yo mennen yon vi ki nòmal.