Fason laverite libere nou
1 Yon lè, Jezi te di Juif ki kwè nan li yo : “ N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou. ” (Jan 8:32). Libète li t ap pale de li a, se yon libète ki depase senp libète yon sitwayen genyen. Se yon libète tout moun ka jwenn : malere kou gran nèg, moun ki entèlektyèl kou moun ki pa entèlektyèl. Jezi t ap anseye verite ki kapab libere moun anba kòd peche ak lanmò. Jan Jezi te di a, “ kèlkeswa moun k ap pratike peche se esklav peche li ye. ” (Jan 8:34.) Anfèt, nou pa konn ki lè pou tout moun ki obeyisan rive ‘ libere anba esklavaj kòripsyon epi pou yo jwenn libète pitit Bondye yo nan laglwa ’ ! — Wom. 8:21.
2 Laverite sou Jezi ak sou wòl li jwe nan pwogram Jewova a bay libète sa a tou. Li gen ladan l konesans sou sakrifis ranson Jezi bay pou nou an (Wom. 3:24). Menm kounye a, depi nou aksepte laverite ki nan Bib la e nou fè sa l di, sa fè nou deja santi nou libere anba lakrent, anba dezespwa ak anba tout kalite abitid ki nuizib.
3 Libète anba lakrent ak dezespwa : Nou pa bezwen dezespere lè nou wè jan kondisyon monn nan ye, paske nou konprann poukisa mechanste egziste e nou konnen li pral disparèt sou tè a talè konsa (Sòm 37:10, 11 ; 2 Tim. 3:1 ; Rev. 12:12). Mete sou sa, laverite libere nou anba fo ansèyman ki genyen sou kondisyon mò yo. Nou konnen mò yo pa ka fè nou anyen. Nou konnen yo pap soufri etènèlman. Nou konnen tou Bondye pa fè moun mouri yon fason pou yo ka vin jwenn li nan syèl la. — Ekl. 9:5 ; Tra. 24:15.
4 Gen yon manman ak yon papa ki te pèdi pitit yo nan yon aksidan, verite sou kondisyon mò yo te soutni yo. Men ki sa manman an di : “ Gen yon vid nan lavi nou ki pap janm konble jiskaske nou rewè pitit nou an lè rezirèksyon an pral fèt. Men, nou konnen se pou yon ti tan nou nan chagren. ”
5 Libète anba abitid ki nuizib : Laverite ka chanje jan yon moun panse, li ka chanje pèsonalite l, li ka libere l anba yon seri pwoblèm li te ka evite (Efe. 4:20-24). Lè yon moun onèt e li renmen travay, sa kapab ede l konbat lamizè (Pwo. 13:4). Lè yon moun montre li gen lanmou ki pouse l fè sakrifis, sa fè l amelyore relasyon l ak lòt moun (Kol. 3:13, 14). Lè kretyen yo respekte prensip otorite anndan fanmi, sa fè yo evite pwoblèm (Efe. 5:33–6:1). Lè yon moun pa bwè pou l sou, e li pa ni nan imoralite seksyèl, ni nan pran tabak, ni nan pran dwòg, sa ede l rete an sante. — Pwo. 7:21-23 ; 23:29, 30 ; 2 Kor. 7:1.
6 Gen yon jènjan ki te fè nevan ap pran dwòg, san li pa t ka kite l. Yon jou, li rankontre yon pwoklamatè ki t ap preche nan lari. Misye aksepte piblikasyon nan men pwoklamatè a e pwoklamatè a pran randevou avè l pou l vizite l. Misye te vin etidye Labib. Sou de mwa, li sispann pran dwòg e li te batize sou uit mwa. Li gen yon frè l ak yon bèlsè l ki wè jan li rive kite dwòg la nèt, yo menm tou, yo vin etidye.
7 Ann ede lòt moun jwenn libète : Li pa fasil pou moun ki fè anpil tan anba chenn fo ansèyman rive konprann Pawòl Bondye ka libere yo. Nou menm, antanke anseyan, pou nou kapab touche kè moun sa yo, sa mande pou nou fè yon efò espesyal e pou nou fè bon preparasyon (2 Tim. 4:2, 5). Nan travay n ap fè ‘ pou nou pwoklame libète bay moun ki kaptif yo ’, se pa lemoman pou nou ralanti (Iza. 61:1). Antanke kretyen, libète nou genyen an se yon bagay ki gen anpil valè. Lè yon moun jwenn libète sa a, sa ap pèmèt li gen lavi etènèl. — 1 Tim. 4:16.