Yo konfye nou bon nouvèl la
1 Ala yon privilèj nou genyen dèske yo konfye nou bon nouvèl Bondye a (1 Tes. 2:4) ! Se vre gen kèk moun ki refize tande mesaj pisan sa a, men mesaj sa a atire moun ki gen bon kè menm jan yon pafen ki santi bon konn atire moun (2 Kor. 2:14-16). Bon nouvèl la vle di delivrans pou moun ki aksepte l e ki obeyi l (Wom. 1:16). Ki sa n dwe fè ak bon nouvèl sa a yo konfye nou an ?
2 Egzanp Jezi ak apot yo : Priyorite Jezi, se te preche bon nouvèl la (Lik 4:18, 43). Menm lè l te fatige, menm lè l te grangou, lanmou l te genyen pou moun yo ak apresyasyon l te genyen pou mesaj la te pouse l bay lòt moun li (Mak 6:30-34). Kit se nan sa l te di, kit se nan sa l te fè, li te grave enpòtans travay predikasyon an nan lespri disip li yo. — Mat. 28:18-20 ; Mak 13:10.
3 Apot yo te imite Jezi e yo te pwoklame mesaj Wayòm nan avèk zèl. Menm lè yo te bat yo e yo te ba yo lòd pou yo sispann preche, ‘ yo te kontinye anonse bon nouvèl la san rete ’. (Tra. 5:40-42.) Apot Pòl te travay san pran souf nan sans sa a (1 Kor. 15:9, 10 ; Kol. 1:29). Li te konpare privilèj li genyen pou l bay bon nouvèl la ak yon dèt li genyen pou pwochen l, e li te dispoze vag sou byennèt pa l pou l ka peye dèt sa a. — Tra. 20:24 ; Wom. 1:14-16.
4 Privilèj nou genyen jodi a : Depi nou apresye misyon sakre yo konfye nou an, sa ap pouse nou chèche fason pou nou ogmante patisipasyon nou nan travay predikasyon an (Wom. 15:16). Nou gen egzanp Edwa, yon moun ki te kloure sou yon chèz woulant. Li te konn chita nan antre yon otèl e l te konn pale ak kliyan yo sou lafwa li. Sepandan, piske l te vle fè plis toujou, li te bay fè yon kabin espesyal pou li nan yon pikòp, e grasa machin sa a, pandan plizyè ane, li te vwayaje plizyè milye kilomèt ap sèvi kòm pyonye. Menm jan ak Edwa, anpil moun jodi a fè chanjman nan lavi yo pou yo ka ogmante patisipasyon yo nan travay preche bon nouvèl la.
5 Nou swete pou nou imite Jezi ak apot yo e pou nou toujou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou. Lè nou fè sa, n ap demontre lanmou nou pou moun yo, anmenmtan, n ap demontre nou gen rekonesans pou bon nouvèl yo konfye nou an.