BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/03 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2003
km 5/03 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè tout sa n kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Gen kèk kote sou tè a nou kapab ofri bwochi sa yo : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Une vie pleinement satisfaisante : Comment ? ; Un livre pour tous .

◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye jen, oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ Nou raple sekretè kongregasyon an, si li poko fè sa, pou li pa bliye voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye a (CO-5-CR) mwa sa a bay siveyan sèvis Lojman asanble distri kongregasyon an pral asiste a.

◼ Anvan l voye yon Demande dˈadmission au service de pionnier permanent (S-205) nan filyal la, komite sèvis kongregasyon an dwe verifye pou li wè si kandida a reponn wi oswa non nan kesyon 5 (a) a : As-tu été réintégré au cours des cinq dernières années ? ak kesyon 6 (a) a : As-tu été repris, à cause dˈune faute, par un comité judiciaire au cours des cinq dernières années ?

◼ Depi kèk tan, nou remake gen anpil Rapport de congrégation (S-AB-1) ki rive twò ta nan filyal la. N ap raple sekretè a li gen jiska 6 nan mwa a pou l voye rapò kongregasyon an nan filyal la.

◼ N ap pwofite raple kowòdinatè piblikasyon yo, lè y ap ranpli Demande de publications an (S-14), pou yo veye pou yo pa mande twòp piblikasyon yon sèl kou. Li preferab pou yo voye yon demann ki rezonab chak mwa olye pou yo voye yon sèl demann ki egzajere. Anplis de sa, yo pa oblije mande tout piblikasyon ki nan fòmilè Demande de publications an (S-14). Gen piblikasyon yo fè espesyalman pou yon seri moun oswa yon seri relijyon tankou Boudis ak Mizilman. Nou pa oblije fè demann piblikasyon sa yo pou peyi d Ayiti. Yon lòt bò, an jeneral, piblikasyon ki estoke an kantite limite yo koute chè. Li ta bon pou pwoklamatè yo teni kont de sa lè y ap mande yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje