Retrèt : yon pòt ki ouvè pou plis aktivite
1 Anpil moun k ap travay di pa wè ki lè pou yo jwenn retrèt yo, yon fason pou yo ka sispann redi e pou yo soti anba presyon ki gen nan travay. Poutan, byen souvan, retrèt fè yon moun vin pa enterese nan anyen, li vin santi l annuiye e li fè l vyeyi pi bonè. Ansuit, piske li pa gen yon travay byen presi, sa fè l ka tonbe ap enkyete pou tèt li. Dapre sa yon jounal brezilyen rapòte, gen anplwaye leta ki nan retrèt k ap plenyen sou yon seri pwoblèm tankou : Yo pèdi ‘ jwa yo, yo vin gen move jan, yo vin gen plis enkyetid, yo pa santi yo itil ankò, yo menm konn deprime e yo konn santi lavi a pa gen sans pou yo. ’
2 Poutan, anpil kretyen konsidere nouvo paj sa a nan lavi yo tankou yon pòt ki ouvè pou plis aktivite espirityèl. Yon frè ki te kòmanse nan sèvis pyonye de semèn apre l te fin gen 65 an te di : “ Pandan tout vi m, mwen pa janm konnen yon moman mwen te jwenn plis benediksyon pase dizan mwen genyen nan sèvis pyonye a. ” Men sa yon mari ak madanm li ekri : “ Nan laj nou rive la a, pi bèl peryòd nou pase nan lavi nou kòmanse lè nou derape nan sèvis pyonye. ” Wi, pou anpil moun, retrèt se yon okazyon annò yo genyen pou yo etann ministè yo e pou yo rekòlte anpil benediksyon nan men Jewova.
3 Pa rete san w pap fè anyen, bat pou w pwodui : Anpil moun ki nan retrèt kounye a te leve san yo pa gen tout konfò ki kouran jounen jodi a, e yo te aprann travay di depi yo te timoun. Menmsi yo pa gen menm fòs ak jèn moun yo ankò, yo toujou ka bay bon rannman nan travay yo. Nan tèritwa yon filyal, 22 pousan pyonye, swa 20 000 frè ak sè, gen omwen 60 an. Pèsòn aje sa yo bay yon gwo kontribisyon nan aktivite predikasyon an. Eksperyans yo ak bèl kalite ki demontre yo gen atachman pou Bondye anrichi kongregasyon kote yo ye a. — Jak 3:17, 18.
4 Lè yon moun toujou okipe nan travay predikasyon an, sa fè l gen yon pi bon sante e sa amelyore kalite lavi l. Gen yon sè ki gen 84 an, ki te kòmanse nan sèvis pyonye apre retrèt li. Men sa l di : “ Lefètke mwen gen anpil etid biblik ak moun ki enterese, sa fè sèvo m toujou ap travay. Mwen pa gen machin, konsa mwen mache anpil, sa fè m rete an sante. ” Yon mari ak madanm li ki aje tou fè deklarasyon sa a : “ Grasa sèvis pyonye a, nou rete anfòm mantalman e fizikman. Nou toujou ansanm. Nou ri anpil, kè nou toujou kontan. ”
5 Sèvi kote ki bezwen plis bra : Kèk kretyen ki pran retrèt e ki pa gen pwoblèm ekonomik demenaje pou y al sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè. Gen lòt ki etann ministè yo lè y al preche moun ki pale lòt lang. Menm jan ak apot Pòl, pwoklamatè zele sa yo “ fè tout bagay akoz bon nouvèl la yon fason pou [yo] ka pataje l ak lòt moun. ” — 1 Kor. 9:23.
6 Gen yon mari ak tout madanm li ki te kòmanse sèvis pyonye lè yo te fin elve de pitit gason yo genyen. Apre yo fin pase plizyè ane nan sèvis la, yo te vin aprann lang chinwa. Kounye a, yo depase 75 an. Pa gen lontan, yo te byen kontan wè gwoup yo te ede a vin tounen yon kongregasyon. Mari ak madanm konsa se yon benediksyon yo ye pou kongregasyon yo.
7 Pa gen retrèt nan ministè a : Menmsi, towouta, pifò moun gen pou pran retrèt nan travay yo, pa gen retrèt pou okenn kretyen nan sèvis Bondye a. Se tout kretyen ki dwe rete fidèl “ jiska lafen ”. (Mat. 24:13, 14.) Natirèlman, gen nan yo ki pap ka fè menm kantite travay yo te abitye fè nan sèvis Jewova a, piske yo kòmanse antre nan laj. Men, se yon bagay ki ankourajan pou nou wè jan y ap fè tout sa yo kapab ak tout kè yo. Yo jwenn asirans nan Pawòl Bondye a Jewova pap bliye travay yo fè ak lanmou yo demontre yo gen pou non l. — Lik 21:1-4 ; Ebre 6:10.
8 Si w prèske rive nan laj pou w pran retrèt, poukisa w pa lapriyè sou sa pou w wè ki sa w ka fè pou byen itilize peryòd sa a ? Grasa èd Jewova, ou pa janm konnen, peryòd retrèt ou ka ouvè yon pòt pou ou, yon pòt k ap pèmèt ou ogmante aktivite k ap fè w bay Jewova plis louwanj e k ap fè w jwenn plis benediksyon. — Sòm 148:12, 13.