Ann montre rekonesans nou pou mizerikòd Bondye
1 Anvan Pòl te vin kretyen, li te konn aji avèk vyolans pou l anpeche krisyanis lan devlope. Sepandan, piske se inyorans ki fè li t ap aji konsa, li te jwenn mizerikòd. Grasa bonte Jewova, bonte pyès moun pa merite, li te bay Pòl misyon pou l preche (Tra. 26:9-18 ; 1 Tim. 1:12-14). Pòl te gen rekonesans dèske Jewova te fè l mizerikòd e sa te pouse l konsakre tout li menm pou l akonpli ministè l. — 2 Kor. 12:15.
2 Nou menm tou, Bondye fè nou mizerikòd, li ban nou yon ministè (2 Kor. 4:1). Menm jan ak Pòl, nou ka demontre nou gen rekonesans pou mizerikòd Bondye fè nou an lè nou fè tout efò nou pou nou ede lòt moun fè pwogrè espirityèl. Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou kondui etid biblik.
3 Lè nou kòmanse etid biblik : Yon okazyon nou genyen pou nou kòmanse etid biblik se lè nou gen yon wout peryodik. Piske nou vizite moun nou gen wout peryodik ak yo a regilyèman, sa fè nou konnen ki sa ki okipe lespri yo. Sa ka rive gen yon sijè nan yon peryodik ki tou sèvi kòm mwayen pou nou kòmanse yon etid biblik ak moun nan nan bwochi Bondye vle a. Lè w pote lòt peryodik pou li, li ka menm posib pou w kontinye konvèsasyon an ak moun nan nan bwochi Bondye vle a.
4 Li nesesè pou nou lapriyè e pou nou fè efò : Lè nou lapriyè e nou fè bonjan efò, sa fè nou fè pi bon travay nan predikasyon. Gen yon sè pyonye ki te gen yon sèl etid biblik. Sè sa a te priye Jewova pou l fè l jwenn plis etid. Men, li pa t rete la, li te aji ann amoni ak priyè li te fè a. Li te reflechi seryezman sou jan li preche, e li te rann li kont li pa t janm konn ofri moun etid biblik lè l al fè vizit. Kounye a, li te vin fè sa e sa pa t pran tan pou l te gen de lòt etid.
5 Se yon bèl privilèj nou genyen pou nou fè moun yo konnen “ bon nouvèl ki gen rapò ak bonte Bondye, bonte pyès moun pa merite a ”. (Tra. 20:24.) Piske Jewova fè nou mizerikòd, se pou rekonesans nou genyen pou sa pouse nou fè bonjan efò pou nou ede moun benefisye bonte Jewova, bonte pyès moun pa merite.