BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/03 p. 1
  • Yon travay ki bay rekonfò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon travay ki bay rekonfò
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • “ Mete jouk mwen an sou nou ”
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • “Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Jezi te bay moun fòs
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Matye 11:28-30 — “Vini jwenn mwen, […] m’a soulaje nou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 8/03 p. 1

Yon travay ki bay rekonfò

1 Tout moun ki aksepte mesaj ki nan Bib la e ki mete l an pratik nan lavi yo, yo jwenn rekonfò (Sòm 19:7, 8). Mesaj sa a ede yo libere tèt yo anba fo ansèyman ak pratik ki gen danje ladan yo, e li ofri yo yon esperans solid pou lavni. Sepandan, se pa sèlman moun ki resevwa bon nouvèl la ki jwenn pwofi. Moun k ap pataje verite fòtifyan ki gen nan Bib la ak lòt moun, yo menm tou yo jwenn rekonfò. — Pwo. 11:25.

2 Predikasyon an ba yo fòs : Jezi te di moun ki aksepte jouk li antanke disip, sa ki gen ladan l travay predikasyon an ak travay fè disip la, yo t ap jwenn ‘ fòs pou nanm yo ’. (Mat. 11:29.) Li menm li te jwenn fòs nan preche lòt moun. Se te tankou yon manje pou li (Jan 4:34). Lè li te voye 70 disip yo devan pou y al preche, yo te rejwi pou yo wè jan Jewova soutni efò yo. — Lik 10:17.

3 Anpil kretyen jodi a jwenn fòs menm jan an lè yo patisipe nan travay predikasyon an. Men sa yon sè di : “ Ministè a bon anpil paske li pèmèt mwen gen direksyon ak objektif nan lavi m. Lè m ap preche, mwen kòm bliye pwoblèm pèsonèl mwen ak difikilte ki gen chak jou yo. ” Men sa yon lòt pwoklamatè zele te di : “ Ministè a [...] fè Jewova reyèl pou mwen chak jou ki pase e li ban m lapè ak lakontantman nan kè m, bagay mwen pa t ap ka jwenn okenn lòt fason. ” Ala yon privilèj nou genyen dèske nou se “ konpayon travay Bondye ” ! — 1 Kor. 3:9.

4 Jouk Kris la dou : Byenke kretyen yo jwenn ankourajman pou yo “ redi avèk fòs ”, Jezi pa egzije yo plis pase sa yo kapab bay (Lik 13:24). Okontrè, li envite nou avèk amou pou nou ‘ antre anba jouk li a avèk li ’. (Mat. 11:29, nòt.) Moun ki oblije lite anba sitiyasyon difisil kapab gen asirans sèvis yo bay ak tout nanm yo a, menmsi li piti, li fè Bondye plezi. — Mak 14:6-8 ; Kol. 3:23.

5 Ala sa rekonfòtan pou nou sèvi yon Bondye ki apresye kèlkeswa sa nou fè pou non l (Ebre 6:10) ! Annou toujou fè efò pou nou ba li sa nou genyen ki pi bon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje