BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/03 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2003
km 8/03 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri ann out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Pou bwochi ki vin annapre yo, nou kapab ofri yo lè sa apwopriye : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Un livre pour tous. Septanm : La vie : comment est-elle appparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun w al vizite yo montre yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon.

◼ Apati semèn 20 oktòb 2003, nou pral etidye liv Adorez le seul vrai Dieu a nan etid liv kongregasyon an.

◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye septanm, oswa kou sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ Envantè estòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2003, oswa nan yon dat ki toupre otank posib. Envantè sa a se menm ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa a. Y ap ekri kantite yo jwenn yo nan fòmilè Inventaire des publications (S-18) la. N ap jwenn total peryodik ki disponib yo nan men sèvitè peryodik la. Sekretè kongregasyon kowòdinatris la dwe sipèvize envantè a. Se li menm ak tout siveyan prezidan kongregasyon kowòdinatris la k ap siyen fòmilè a. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè Inventaire des publications (S-18). Tanpri voye fèy orijinal la bay filyal la 6 septanm pou pi ta. Konsève yon kopi nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi kòm bouyon.

◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse mande Annuaire des Témoins de Jéhovah 2004, Calendrier des Témoins de Jéhovah 2004 ak bwochi Examinons les Écritures chaque jour — 2004, nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. Y ap voye fè konnen nan ki lang atik sa yo ap disponib nan “ Anons pou tout kongregasyon ” yo konn voye bay kongregasyon yo chak mwa a.

◼ Piske nou gentan nan fen ane sèvis la, sekretè yo ap chèche ranmase tout rapò yo potko jwenn soti nan mwa avril rive nan mwa jiyè, pou yo ajoute yo sou rapò mwa out la.

◼ Sekretè a ansanm ak siveyan prezidan an ap sonje pwen sa yo ki konsène fason pou yo byen ranpli fòmilè Rapport d’analyse de la congrégation (S-10-F) la :

1) Nan rapò sa a, note yo mande nou asistans ki genyen AN MWAYÈN chak semèn, pandan douz dènye mwa yo. Pou nou jwenn chif sa a, nou pa dwe fè total asistans yo, men se pou nou chèche mwayèn asistans chak reyinyon pou chak mwa, soti nan mwa septanm 2002 rive nan mwa out 2003. Fè total la, epi divize l pa 12.

2) Konsènan chif pou pyonye oksilyè yo, nou pa dwe pran total tout chif pyonye oksilyè ki parèt nan rapò yo pandan ane a, men se pou nou kontwole kantite pwoklamatè DIFERAN ki te pran sèvis pyonye oksilyè omwen yon mwa nan ane sèvis la.

3) Pou pwoklamatè aktif yo, nou PA bezwen konte TOUT fich aktivite pwoklamatè pou ane sèvis la, men se pou nou konte tout pwoklamatè (san wete pyonye yo, moun ki vin aktif ankò ak moun ki reyentegre) ki remèt yon rapò sèvis omwen yon fwa oswa plizyè fwa nan sis dènye mwa yo, soti mas pou rive out 2003. Yo byen esplike ki jan pou nou jwenn chif sa a nan fòmilè a.

4) Ansyen k ap siyen fòmilè a dwe verifye TOUT enfòmasyon yo ANVAN yo voye yo bay Biwo filyal la pou pi ta 10 septanm 2003. Y ap ekri non yo ak siyati yo byen klè e yon fason pou moun ka li yo san pwoblèm.

◼ Pa bliye sa : Biwo filyal la bezwen tout enfòmasyon ki sou rapò analiz la pou pi ta 10 septanm 2003. Donk, nou konte sou kolaborasyon tout sekretè ak siveyan prezidan pou enfòmasyon yo ka egzak, pou yo ka konplè. Sa ap evite nou ekri anpil lèt oswa rele nan telefòn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje