Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an Septanm : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun w al vizite yo montre yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ki sa Bondye vle nou fè oswa Konesans k ap menen nan lavi etènèl. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis.
◼ Ann akò avèk Women 13:1, tout Temwen Jewova ki gen 18 an pou pi piti dwe al fè kat d idantite yo, jan Leta ayisyen mande l la. Tout moun lwa sa a konsène ta dwe fè sa, piske se youn nan domèn kote kretyen an dwe obeyi Leta. Si gen pwoklamatè nan kongregasyon an ki gen 18 an oubyen plis, men ki poko fè kat d idantite, ansyen yo dwe toujou fè yo sonje se yon obligasyon yo genyen pou y al fè l.
◼ Si yon moun voye yon demann piblikasyon pou tèt pa l nan filyal la, yo pap egzekite l. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons nan kongregasyon an chak mwa anvan yo voye demann piblikasyon nan filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.
◼ Ansyen yo ap sonje pou yo suiv enstriksyon nou jwenn nan La Tour de Garde 15 avril 1991, paj 21-3, konsènan nenpòt eskli oswa moun ki te fè retrè volontè ki ta vle reyentegre.
◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2004 la dimanch 18 avril. Y ap voye tèm diskou sa a pi devan ansanm ak plan an. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, pral gen diskou espesyal la nan semèn annapre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 18 avril 2004.
◼ L’Association Chrétienne “ Les Témoins de Jéhovah d’Haïti ” ap fè asanble jeneral pou ane a 12 oktòb 2003 nan Sal asanble Temwen Jewova yo ki nan Santo.
◼ Yon sikonskripsyon ki fèk fèt : Gen yon sikonskripsyon ki fèk fòme k ap kòmanse fonksyone 1ye septanm 2003. Se sikonskripsyon no 12.
◼ Pou komite sèvis yo : Lè yon pyonye pèmanan kite sèvis la, komite sèvis la dwe ranpli yon fòmilè S-202-F pou l voye nan filyal la san pèdi tan.
◼ Rapèl : Kongregasyon ki poko voye rapò analiz S-10-F la, yo mande yo tanpri pou yo voye rapò sa a SAN PÈDI TAN.
◼ Lekòl fòmasyon ministeryèl : Ansyen ak asistan ministeryèl ki selibatè e ki gen ant 23 e 50 an, ki vle kandida pou Lekòl fòmasyon ministeryèl, kapab ranpli yon fich nenpòt ki lè nan ane a. Yo pa bezwen mande filyal la ki lè y ap fè yon lòt klas.