BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/03 p. 1
  • “ Se pou nou montre nou pare ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Se pou nou montre nou pare ”
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Montre w pare pou jou Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • “Èske w renmen m plis pase sa yo?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Byen veye sou fason w ap itilize tan w
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Kontinye medite sou bagay espirityèl yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 11/03 p. 1

“ Se pou nou montre nou pare ”

1 Nan gwo pwofesi Jezi te bay konsènan fen sistèm de choz sa a, li te avèti moun yo pou yo pa kite sousi lavi a akapare yo (Mat. 24:36-39 ; Lik 21:34, 35). Piske gwo tribilasyon an ka deklannche nenpòt ki lè, li endispansab pou nou koute konsèy Jezi te bay la lè l te di : “ Se pou nou montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini. ” ​(Mat. 24:44). Ki sa ki ka ede nou nan sans sa a ?

2 Lite kont tèt chaje, kontwole distraksyon : Youn nan pyèj pou espirityalite nou nou dwe veye se “ tèt chaje ki genyen nan lavi a ”. (Lik 21:34.) Nan kèk peyi, pòvrete, chomaj ak lavi chè fè li difisil pou yon moun jwenn sa li bezwen pou l viv. Tandiske nan kèk lòt, sa ki alamòd se chèche posede byen materyèl. Si nou wè se sousi pou bagay materyèl sèlman k ap domine nou, konnen nou an danje, nou san lè sispann fikse atansyon nou sou reyalite Wayòm nan (Mat. 6:19-24, 31-33). Reyinyon yo ap ede nou kenbe lespri nou fikse sou reyalite Wayòm nan. Èske se objektif pa w pou w asiste tout reyinyon yo ? — Ebre 10:24, 25.

3 Tan nou enpòtan anpil, alòske monn jodi a chaje ak distraksyon ki ka vòlè ladan l byen fasil. Sèvi ak òdinatè ka tounen yon pèlen si yon moun pase yon kantite tan egzajere ap navige sou Entènèt, li e-mail, voye e-mail, oswa jwe jwèt videyo. Moun ka pèdi yon pakèt tan devan televizyon, nan sinema, nan pastan, nan li liv pwofàn ak nan spò, lè sa a li ret yon ti kras tan ak yon ti kras enèji pou aktivite espirityèl yo. Byenke detant ak distraksyon ka remanbre nou pou yon ti tan, men se etidye Labib pèsonèlman ak etidye l an fanmi k ap ban nou byenfè pou toutan (1 Tim. 4:7, 8). Èske ou rachte tan pou w medite sou Pawòl Bondye a chak jou ? — Efe. 5:15-17.

4 Nou gen tout rezon pou nou kontan dèske òganizasyon Jewova a planifye yon pwogram enstriksyon espirityèl pou ede nou ‘ reyisi chape anba tout bagay ki gen pou rive yo, e pou nou ka reyisi kanpe debou devan Pitit lòm nan ’ ! (Lik 21:36.) Annou byen pwofite tout dispozisyon sa yo e ‘ annou montre nou pare ’ dekwa pou lafwa nou kapab “ yon rezon pou louwanj, pou laglwa, pou onè lè revelasyon Jezi Kris la ” ! — 1 Pyè 1:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje