Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an novanm : Ki sa Bondye vle nou fè ? oswa Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Si yon moun deja genyen piblikasyon sa yo, nou ka ofri l Adorez le seul vrai Dieu oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Nou ka ofri tou La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an genyen nan estòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan estòk pa yo. Si gen yon kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv L’humanité à la recherche de Dieu. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Nou ka ofri tou La Révélation : le grand dénouement est proche !
◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye desanm, oswa kou sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2003 nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. N ap jwenn lis lang piblikasyon sa yo disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ” yo voye chak mwa a. Jiskaske yo disponib e jiskaske yo voye yo, y ap parèt nan ribrik “ Pending ” nan lis piblikasyon yo voye a. Volim relye yo se kòmann espesyal yo ye.
◼ Ann Ayiti, sekretè kongregasyon ki gen papye tè Sal Wayòm ak dosye asirans Sal la nan men yo dwe teni kont de pwen nou pral site la yo : 1) Èske papye tè a ak papye apantaj la nan filyal la ? Silvouplè, pa voye fotokopi, se papye yo menm pou nou voye, men nou mèt konsève fotokopi yo nan dosye kongregasyon an. Si papye sa yo poko la, tanpri ekri filyal la, di ki sa ki ka fèt pou ede w fè nou jwenn papye sa yo. 2) Èske papye Sal Wayòm nan deja transfere sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ” ? 3) Si se anfème nou anfème tè a, èske nou fin peye tout lajan nou te dwe peye a ? 4) Sa fè katran depi yo te evalye pifò Sal Wayòm yo dapre Programme de protection des Salles du Royaume. Sa te pèmèt nou konnen konbyen kòb kay la koute (materyo sèlman) ak konbyen kòb sa ki anndan Sal la koute. Etandone lavi a vin pi chè, petèt nou ka bezwen chanje chif sa yo. Si nou wè nesesite pou nou ogmante chif yo, tanpri voye mande filyal la fòmilè ki rele Formulaire international - Descriptif de l’état des lieux (T-49b-F). 5) Si gen kesyon ki gen rapò ak lalwa ki soulve konsènan Sal Wayòm nan, se pou nou kontakte filyal la nan telefòn san pèdi tan. Poko fè anyen toutotan nou pa jwenn enstriksyon filyal la.
◼ Ann Ayiti, si yon moun vle fè yon chèk kòm ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm, li dwe fè l sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Office of the Secretary and Treasurer, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.