BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/03 p. 5
  • Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2003
km 12/03 p. 5

Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 29 desanm 2003 a, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te bay soti nan semèn 3 novanm pou rive nan semèn 29 desanm 2003. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU FÈ BON DISKOU

1. Poukisa li enpòtan pou nou ouvri Bib la ak moun yo lè nou nan predikasyon ? [be p. 145 § 2, kare]

2. Ki jan kontèks yon vèse ka ede nou nan fason n ap entwodui l ? [be p. 149]

3. Lè n ap li Bib la, sa k fè li enpòtan pou nou mete aksan sou mo ki apwopriye yo e ki jan nou ka rive fè sa ? [be p. 151 § 2, kare]

4. Lè n ap anseye, ki jan nou ka aplike konsèy Pòl bay la kote li pale de “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ” e poukisa sa gen tout enpòtans li ? (2 Tim. 2:15) [be p. 153 § 2, kare]

5. Ki jan Pòl te konn fè pou l ‘ rezone avèk moun yo dapre Ekriti yo ’ ? (Tra. 17:2, 3) [be p. 155 § 5 e 6]

EKSPOZE NO 1

6. Lè n ap sèvi ak Bib la kòm pi gwo liv rechèch nou genyen pou n prepare yon diskou, poukisa li bon 1) pou n egzamine kontèks la, 2) pou n tcheke referans ki nan maj yo, e 3) pou n fè rechèch nan yon konkòdans ? [be p. 34 § 3–p. 35 § 2]

7. Ki jan nou ka montre nou fidèl toutbonvre e anvè ki moun ? [w01 1/10 p. 22-3]

8. Ki sa ki montre Jewova metrize tan byen ? (Dan. 11:35-40 ; Lik 21:24) [si-F p. 284 § 1]

9. Lè nou fin fè rechèch pou yon diskou, ki sa nou pa dwe bliye lè n ap chwazi pwen nou pral mete ladan l yo ? [be p. 38]

10. Sa k fè deklarasyon Jezi te fè sou “ jou Noye yo ” gen rapò ak sitiyasyon nou jodi a ? (Mat. 24:37) [w01 15/11 p. 31 § 3-4]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki jan nou fè di, dapre lèt Pòl te ekri Filemon an, misyon yon kretyen genyen se pou l ede lòt moun vin kretyen e non pou l fè refòm sosyal (File. 12) ?

12. Ki diferans ki genyen ant yon moun ki kite ‘ yon bagay pote l ale ’, yon moun ki ‘ pran distans li ’ ak yon moun ki ‘ tonbe ’ ? (Ebre 2:1, Ebre 3:12 ak Ebre 6:6) [w99 15/7 p. 19 § 12 ; w86 1/6 p. 14 § 16-17 ; w81 1/3 p. 23 § 8]

13. Ki jan nou ka evite sèvi ak ekspresyon “ si Jewova vle ” a konsa konsa ? (Jak 4:15) [cj p. 170 § 3-171 § 1]

14. Ki sa sa vle di pou nou ‘ tann pandan nou toujou gen prezans jou Jewova a nan lespri nou ’ e ki jan nou ka fè sa ? (2 Pyè 3:12) [w97 1/9 p. 19-20]

15. Ki konsèy enpòtan mesaj yo te voye bay sèt kongregasyon ki mansyone nan Revelasyon chapit 2 ak chapit 3 a gen ladan l pou kretyen k ap viv jodi a ? (Rev. 2:4, 5, 10, 14, 20 ; 3:3, 10, 11, 17, 19.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje