Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Nou ka ofri tou La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an genyen nan estòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan estòk pa yo. Si gen yon kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv L’humanité à la recherche de Dieu. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Nou ka ofri tou La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel !
◼ Rapèl pou frè ki responsab kont kongregasyon an : tout ofrann nou jwenn nan bwat pou ofrann pou travay mondyal la ak bwat pou Fon pou konstriksyon Sal Wayòm, nou fèt pou nou voye yo nan filyal la chak mwa. Nou pa fèt pou nou sèvi ak ofrann sa yo pou nou fè vèsman pou Sal Wayòm ni pou nou kouvri okenn lòt depans kongregasyon an.
◼ Samdi 8 me 2004, filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa a, li pap posib ni pou moun vizite filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon.
◼ Talè konsa n ap voye fich envitasyon nan chak kongregasyon pou Memoryal ane 2004 la. Chak kongregasyon ap jwenn fich sa yo an kreyòl. Si nou ta renmen jwenn fich envitasyon nan lòt lang yo pale nan tèritwa a, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou yon fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Y ap voye di kongregasyon yo nan ki lang fich envitasyon Memoryal la ap disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon ” yo voye chak mwa a. Tanpri, mande fich envitasyon sèlman nan lang nou bezwen pou tèritwa nou.
◼ Nan ane 2005, Memoryal la ap fèt jedi 24 mas, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou si gen lòt aktivite k ap fèt, pou yo fè yon jan pou yo pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans evènman sa a genyen, lè y ap chwazi yon oratè pou Memoryal la, kolèj ansyen an ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo, olye pou yo annik fè yon woulman oswa pou yo sèvi ak menm frè a chak ane. Si youn nan ansyen yo se yon kretyen wen ki kalifye pou sa, se li menm y ap chwazi pou fè diskou a.
◼ Soti semèn 15 mas 2004 pou rive semèn 16 me 2005, nou pral etidye liv Approchez-vous de Jéhovah a nan etid liv kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen liv sa a an gwo lèt, yo kapab fè demann depi kounye a.