BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/04 p. 1
  • Yon travay Bondye ap soutni

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon travay Bondye ap soutni
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Annou bay privilèj nou genyen pou nou preche a anpil valè
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran
    Adore sèl vrè Dye a
  • “ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 2/04 p. 1

Yon travay Bondye ap soutni

1 Jodi a, pa gen anpil nan sèvitè Bondye yo ki gen gwo konesans, yo pa gen anpil lajan e yo pa okipe gwo pozisyon nan monn nan. Se pou rezon sa a ki fè gen kèk moun ki pa bay ministè yo a anpil valè (Iza. 53:3). Sepandan, travay edikasyon biblik n ap fè a pote konsolasyon ak espwa pou plizyè milyon moun sou tè a. Ki jan moun ki òdinè fè rive jwenn yon bèl rezilta konsa ? Se sèlman paske Bondye ap soutni yo (Mat. 28:19, 20 ; Tra. 1:8). Nan esplikasyon apot Pòl te bay li montre se “ Bondye ki chwazi sa ki fèb nan monn nan pou l fè sa ki fò yo wont ”. — 1 Kor. 1: 26-29.

2 Apot yo ak lòt kretyen premye syèk yo “ se te moun ki san enstriksyon, moun klas òdinè ”. (Tra. 4:13.) Toutfwa, avèk kran yo te kontinye preche bon nouvèl la, e Jewova te beni efò yo. Malgre obstak ak opozisyon, “ avèk pisans, pawòl Jewova a te kontinye etann li e se li ki te gen plis fòs ”. Anyen pa t ka kanpe travay la paske se Bondye ki t ap soutni l (Tra. 5:38, 39 ; 19:20). Se menm bagay la pou epòk pa nou an. Malgre yon seri dirijan pisan detèmine pou yo bloke bon nouvèl la, yo pa ka anpeche l gen plis fòs e yo pa ka anpeche l kontinye etann li (Iza. 54:17).

3 Tout louwanj lan se pou Bondye : Lefètke Bondye fè nou favè li aksepte nou sèvi l, èske se yon rezon pou nou vante tèt nou ? Non. Men sa Pòl te ekri konsènan ministè kretyen an : “ Nou gen trezò sa a nan ja ki fèt an tè, poutèt pou pisans ki depase sa ki nòmal la, kapab pisans Bondye, e non pa pisans ki soti nan nou an. ” ​(2 Kor. 4:7). Pòl te rekonèt se sèlman grasa fòs Bondye ki fè li rive akonpli ministè li. — Efe. 6:19, 20 ; Fil. 4:13.

4 Nou menm tou nou rekonèt sa k fè nou kontinye akonpli travay predikasyon an se paske nou “ jwenn èd nan men Bondye ”. (Tra. 26:22.) Pa mwayen pwoklamasyon mondyal sa a, Jewova sèvi avèk nou yon fason ki pisan pou l souke nasyon yo. Pwoklamasyon sa a se yon siy ki montre egzekisyon jijman an pa lwen rive (Aga. 2:7). Ala yon privilèj nou genyen pou nou se “ konpayon travay Bondye ” nan gwo rekòt espirityèl la ! — 1 Kor. 3:6-9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje