BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/04 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2004
km 5/04 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè tout sa n kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Écoute le grand Enseignant. Si moun nou rankontre a di li pa gen timoun, ofri l bwochi Bondye vle a. Lè n ap sèvi ak bwochi a, fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”.

◼ Siveyan prezidan an, oubyen yon lòt moun li chwazi, ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye jen, oswa osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ Nou kontan anonse nou 23 elèv 5yèm klas Lekòl fòmasyon ministeryèl la te resevwa diplòm yo dimanch ki te 25 janvye 2004 la, nan Sal asanble Santo a. N ap pwofite ankouraje tout ansyen ak asistan ministeryèl ki selibatè e ki ranpli kondisyon pou sa, pou yo ofri tèt yo kòm kandida pou 6yèm klas la.

◼ Sal Wayòm ki fèk konstwi : Tomazo, Kanperen, Manich ak Trevan.

◼ Nou raple sekretè kongregasyon yo, si yo poko fè sa, pou yo voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR) yo mwa sa a bay siveyan sèvis Lojman kongrè distri kongregasyon an pral asiste a.

◼ Chak fwa gen yon pyonye pèmanan ki radye oubyen ki kite sèvis la pou kèlkeswa rezon an, sekretè kongregasyon an dwe ranpli pati “ Interruption ” ki nan lèt nominasyon pyonye pèmanan an (S-202-F). Lèfini, y ap voye l nan filyal la san pèdi tan.

◼ Sonje li enpòtan pou nou pran nòt pandan n ap asiste kongrè distri “ Mache avèk Bondye ” a. Sa ap ede nou pou nou patisipe nan revizyon oral ki gen pou fèt pi devan nan ane a nan yon reyinyon sèvis.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje