Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jen : Liv Écoute le grand Enseignant an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l bwochi Bondye vle a. Lè n ap sèvi ak bwochi a, fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse yon etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?
◼ Lokal ki nan Brooklyn, Patterson ak Wallkill, nan New York, ap fèmen samdi nou pral site la yo : 11 septanm 2004 (gradyasyon Gileyad) ; 2 oktòb 2004 (Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania ap gen asanble jeneral anyèl) ; 12 mas 2005 (gradyasyon Gileyad) ; 14 me 2005 (netwayaj prentan). Pap gen aranjman pou moun vin vizite, ni moun pap ka vin chèche piblikasyon nan dat sa yo.
◼ Yon fason pou kenbe Sal Wayòm nan an sekirite, dènye moun ki kite lokal la dwe klete pòt yo, li dwe fèmen tout baryè e, si gen alam, li dwe konekte yo. Si moun sa a pa anmezi pou l fè sa, li fèt pou l rele yon moun ki ka fè sa e li dwe tann jiskaske moun nan rive anvan li ale. Ansyen yo dwe gen yon lis ajou ki gen non tout pwoklamatè responsab ki gen kle Sal Wayòm nan nan men yo.
◼ Nan Ministè Wayòm mwa septanm nan, pral gen yon atik sou kasèt videyo Respectons l’autorité de Jéhovah a. Kasèt videyo sa a disponib ann anglè, chinwa, espayòl, japonè ak lang siy ameriken. Kongregasyon yo ta dwe sonje pou yo fè kòmann kasèt la nan pwochen kòmann piblikasyon y ap fè.