BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/04 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2004
km 8/04 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri ann out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Pou bwochi ki vin annapre yo, nou kapab ofri yo lè sa apwopriye : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Un livre pour tous. Septanm : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun w al vizite yo montre yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon.

◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye septanm, oswa kou sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ N ap pwofite anonse nou bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2005 ap disponib an kreyòl ayisyen. Nou ankouraje nou mande l an kreyòl nan pwochen demann piblikasyon n ap fè.

◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse mande Annuaire des Témoins de Jéhovah 2005 ak Calendrier des Témoins de Jéhovah 2005 nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. Y ap voye fè yo konnen nan ki lang piblikasyon sa yo ap disponib nan “ Anons pou tout kongregasyon ” yo konn voye bay kongregasyon yo chak mwa a.

◼ Envantè estòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2004, oswa nan yon dat ki toupre otank posib. Envantè sa a se menm ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa a. Y ap ekri kantite yo jwenn yo nan fòmilè Inventaire des publications (S-18) la. N ap jwenn total peryodik ki disponib yo nan men sèvitè peryodik la. Se sekretè kongregasyon kowòdinatris la k ap sipèvize envantè a. Se li menm ak tout siveyan prezidan kongregasyon kowòdinatris la k ap siyen fòmilè a. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè Inventaire des publications (S-18). Tanpri voye fèy orijinal la bay filyal la 6 septanm pou pi ta. Konsève yon kopi nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi kòm bouyon.

◼ Piske nou gentan nan fen ane sèvis la, sekretè yo ap chèche ranmase tout rapò yo potko jwenn soti nan mwa avril rive nan mwa jiyè, pou yo ajoute yo sou rapò mwa out la.

◼ Pou sekretè a ansanm ak siveyan prezidan an kapab konnen ki jan pou yo byen ranpli fòmilè Rapport d’analyse de la congrégation (S-10) la, nou mande yo pou yo revize enstriksyon ki nan lèt 26 out 1998 yo te voye bay tout kolèj ansyen yo.

◼ Pa bliye : Biwo filyal la bezwen tout enfòmasyon ki sou rapò analiz la pou pi ta 10 septanm 2004. Donk, nou konte sou kolaborasyon tout sekretè ak siveyan prezidan pou enfòmasyon yo ka egzak, pou yo ka konplè. Sa ap evite nou ekri anpil lèt oswa rele nan telefòn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje