Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri 18 oktòb-14 novanm : Bwochi Kontinye veye ! (kanpay espesyal). Soti 15 pou rive 30 novanm : Écoute le grand Enseignant. Si moun nan di li pa gen pitit, ofri l bwochi Bondye vle a. Lè w ap sèvi ak bwochi a, fè efò pou w kòmanse etid biblik. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1990 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si yon kongregasyon pa rive jwenn ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche !
◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye desanm, oswa kou sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2004 nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. N ap jwenn lis lang piblikasyon sa yo disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ” yo voye chak mwa a. Jiskaske yo disponib e jiskaske yo voye yo, y ap parèt nan ribrik “ Pending ” nan lis piblikasyon yo voye a. Volim relye yo se kòmann espesyal yo ye.
◼ Apati semèn 23 me 2005, n ap etidye bwochi Kontinye veye ! a nan etid liv kongregasyon an.
◼ Filyal la toujou bezwen gen lis adrès ak nimewo telefòn ki ajou pou tout siveyan prezidan ak sekretè. Pou lis sa a ka ajou, depi gen yon chanjman, li te mèt se nimewo telefòn nan ki chanje, sekretè a dwe ranpli yon fich “ Changement d’adresse du surveillant-président/secrétaire ” (S-29) voye bay filyal la rapid rapid.
◼ Men kèk rapèl konsènan sèvis pyonye :
• Lè yon pyonye pèmanan kite sèvis la, se pou yo fè yon anons pou enfòme kongregasyon an sa. Nan anons lan, yo ka tou senpleman di : “ Nou fè tout kongregasyon an konnen [non moun nan] kite sèvis pyonye pèmanan. ”
• Se ennan apre dat reprimann oswa reyentegrasyon yon moun yo fèt pou konsidere demann moun sa a fè pou sèvis pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan (gade paj mitan Le Ministère du Royaume out 1996, paragraf 21 ak 23).
• Byenke yo ankouraje moun ki vle pran sèvis pyonye pèmanan pou yo sèvi ak fòmilè kreyòl S-205 lan pito (Aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan S-205-CR), yo pa fèt pou yo ekri non yo an kreyòl, men se pou yo ekri l menm jan l ekri nan ak de nesans yo.
• Konsènan aktivite predikasyon moun ki vle pran sèvis pyonye pèmanan, kounye a, se pa mwayèn pou sis dènye mwa yo yo mande sou fòmilè revize a, men se aktivite moun nan pou chak mwa, pandan sis dènye mwa yo. Sekretè a dwe teni kont de sa lè l ap ranpli pati ki rezève pou komite sèvis kongregasyon an, pati ki nan do fòmilè a.