BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/05 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 4/05 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 25 avril 2005, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 7 mas pou rive nan semèn 25 avril 2005. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Lè n ap prepare yon diskou, ki jan nou ka byen itilize sous yo ban nou an, e poukisa sa gen tout enpòtans li ? [be p. 234 § 1-3, kare yo]

2. Nan yon diskou, ki kantite nan sous yo ban nou an nou dwe chèche egzamine ? [be p. 234 § 4–p. 235 § 1]

3. Lè nou nan predikasyon, ki jan nou ka sèvi ak kesyon pou fasilite konvèsasyon nou genyen ak lòt moun ? (Tra. 8: 30) [be p. 236 § 2-5]

4. Ki jan nou ka sèvi ak kesyon pou ede moun n ap etidye Labib ak yo pou yo itilize “ entèlijans ” yo ? (Wom. 12:1) [be p. 238 § 1]

5. Ki wòl kesyon yo poze nan Women 8:31, 32 ak kesyon yo poze nan Izayi 14:27 yo genyen ? [be p. 239 § 1-2]

EKSPOZE No 1

6. Nan ki sans nou ‘ poze Kris kòm fondasyon ’ nan travay fè disip n ap patisipe ladan l lan ? (1 Kor. 3:11) [be p. 278 § 1-2]

7. Piske an 1914 Jewova te bay Pitit li a tout otorite, ki sa nou vle di lè nou di : “ Se pou wayòm ou an vini ” lè n ap priye ? (Mat. 6:9, 10) [be p. 279 § 4]

8. Poukisa tout kretyen fèt pou yo konn li e ki egzanp Jezi bay nan domèn sa a ? [w03-F 15/3 p. 10 § 5 ; p. 12 § 2]

9. Ki jan egzanp Yochiya a ak egzanp Jezi a ka ede jèn yo fè pwogrè espirityèl ? [w03-F 1/4 p. 8 § 3-4 ; p. 10 § 3]

10. Poukisa nou kapab mete konfyans nou nan Bondye ? (Pwo. 3:5, 6) [ w03-F 1/11 p. 4 § 6-7]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Poukisa Ana te priye pou l mande Jewova “ bay wa li a fòs ” tandiske pa t gen okenn wa imen sou Izrayèl ? (1 Sam. 2:10)

12. Ki sa nou kapab aprann nan defèt Izrayelit yo te sibi malgre yo te genyen lach alyans lan nan mitan yo ? (1 Sam. 4:3, 4, 10)

13. Poukisa 1 Kwonik 2:13-15 pale de David tankou se te setyèm pitit gason Jese a, alòske 1 Samyèl 16:10, 11 fè konnen li te uityèm pitit gason l ?

14. Ki “ move espri ” ki te tonbe toumante Sayil ? (1 Sam. 16:14)

15. Èske prediksyon “ Samyèl ” te fè a pa mwayen manbo a nan Andò te egzak ? (1 Sam. 28:16-19)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje