BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/05 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 8/05 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Piske oktòb gen senk wikenn okonplè, se yon bon mwa pou moun pyonye oksilyè.

◼ Nou dwe konsève paj 5 ak paj 6 Ministè Wayòm sa a pou nou itilize pou asanble sikonskripsyon an ansanm ak jounen asanble espesyal la pandan ane sèvis 2006 la.

◼ Siveyan prezidan an, oubyen yon lòt moun li chwazi, ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye septanm, oubyen osito sa posib apre dat sa a. Si gen yon kont apa tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ N ap fè nou sonje, moun pa dwe janm itilize adrès filyal la nan okenn korespondans pèsonèl. Ni yo pa dwe voye nan adrès filyal la piblikasyon yo vle poste pou moun ki enterese, pou moun ki pa la oswa pou moun ki rete kote ki difisil pou atenn. — Gade Repons kesyon w yo nan Ministè Wayòm mwa me 2002.

◼ Envantè stòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2005, oubyen osito sa posib apre dat sa a. Envantè sa a se menm ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa a. Y ap ekri kantite yo jwenn yo nan fòmilè Inventaire des publications (S-18). N ap jwenn total peryodik ki disponib yo nan men sèvitè peryodik la. Se sekretè kongregasyon kowòdinatris la k ap sipèvize envantè a. Se li menm ak tout siveyan prezidan kongregasyon kowòdinatris la k ap siyen fòmilè a. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè Inventaire des publications (S-18). Tanpri voye fèy orijinal la bay filyal la 6 septanm pou pi ta. Konsève yon kopi nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi kòm bouyon.

◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse mande Calendrier des Témoins de Jéhovah 2006, Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2006 ak Annuaire des Témoins de Jéhovah 2006, nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. Y ap voye fè yo konnen nan ki lang piblikasyon sa yo ap disponib nan “ Anons pou tout kongregasyon ” yo konn voye bay kongregasyon yo chak mwa a.

◼ Piske nou gentan nan fen ane sèvis la, sekretè yo ap chèche ranmase tout rapò yo potko jwenn soti nan mwa mas rive nan mwa jiyè, pou yo ajoute yo sou rapò mwa out la.

◼ Pa bliye : biwo filyal la bezwen tout enfòmasyon ki sou rapò analiz la pou pi ta 10 septanm 2005. Donk, nou konte sou kolaborasyon tout sekretè ak siveyan prezidan pou enfòmasyon yo ka egzak, pou yo ka konplè. Sa ap evite nou ekri anpil lèt oswa rele nan telefòn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje