BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/05 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 11/05 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche !

◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye desanm oswa kou sa posib apre dat sa a. Si yo kenbe yon kont apa tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, nan pwochen rapò sèvis kont lan.

◼ Ann Ayiti, sekretè kongregasyon ki gen papye tè Sal Wayòm ak dosye asirans Sal la nan men yo dwe teni kont de pwen nou pral site la yo : 1) Èske papye tè a ak papye apantaj la nan filyal la ? Silvouplè, pa voye fotokopi, se papye orijinal yo pou nou voye, men nou mèt konsève fotokopi yo nan dosye kongregasyon an. Si papye sa yo poko la, tanpri ekri filyal la, di ki sa ki ka fèt pou nou ede w fè nou jwenn papye sa yo. 2) Èske papye Sal Wayòm nan deja transfere sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ” ? 3) Si se anfème nou anfème tè a, èske nou fin peye tout lajan nou te dwe peye a ? 4) Sa fè sizan depi yo te evalye pifò Sal Wayòm yo dapre Programme de protection des Salles du Royaume. Sa te pèmèt nou konnen konbyen kòb kay la koute (materyo sèlman) ak konbyen kòb sa ki anndan Sal la koute. Etandone lavi a vin pi chè, petèt nou ka bezwen chanje chif sa yo. Si nou wè nesesite pou nou ogmante chif yo, tanpri voye mande filyal la fòmilè ki rele Formulaire international - Descriptif de l’état des lieux (T-49b-F). 5) Si gen kesyon, ki gen rapò ak lalwa, ki soulve konsènan Sal Wayòm nan, se pou nou kontakte filyal la nan telefòn san pèdi tan. Poko fè anyen toutotan nou pa jwenn enstriksyon filyal la.

◼ Ann Ayiti, si yon moun vle fè yon ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm, pa mwayen yon chèk, li dwe fè l sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Office of the Secretary and Treasurer, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.

◼ N ap egzamine pwogram videyo Soigner sans transfusion : besoins et droits du patient an nan yon reyinyon sèvis an janvye. Si nou bezwen pwogram videyo a, se kongregasyon an ki pou fè kòmann lan pou nou osito sa posib.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje