BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/06 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 1/06 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik avèk yo nan liv Sa Labib anseye a.

◼ Piske mwa avril la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Apati mwa fevriye, oubyen 5 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante yon nouvo diskou piblik ki gen tit : “ Ou ka viv anpè depi kounye a e pou toutan ! ”

◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la mèkredi 12 avril, apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa dwe pase anblèm yo anvan solèy la kouche. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Pou Memoryal la, li ta pi bon pou chak kongregasyon fè pwòp selebrasyon pa l. Men, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka chèche jwenn lòt lokal pou sware a. Kote sa posib, li ta bon pou gen omwen 40 minit ant selebrasyon yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite okazyon an o maksimòm. Nou dwe egzamine pou nou wè ki jan sikilasyon an ye nan zòn nan oswa si ap gen kote pou nou pakin machin yo, san nou pa bliye pwoblèm ki ka genyen nan monte machin desann machin. Kolèj ansyen yo dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.

◼ Lè yon moun planifye pou l vwayaje nan yon lòt peyi e li prevwa asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon oswa kongrè distri, se pou l ekri biwo filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, lè, oswa adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje