Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik avèk yo nan liv Sa Labib anseye a. Jen : Liv Koute gran Anseyan an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l liv Bonheur familial la oswa liv Sa Labib anseye a. Fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik ak moun nan.
◼ Piske mwa avril la gen senk wikenn okonplè, se yon bon mwa pou moun pyonye oksilyè.
◼ Memoryal la ap tonbe mèkredi 12 avril 2006. Si kongregasyon w lan abitye fè reyinyon mèkredi, yo dwe chanje jou sa a pou yo fè reyinyon an yon lòt jou nan semèn nan si Sal Wayòm nan disponib. Si sa pa posib e si sa afekte reyinyon sèvis kongregasyon an, yo ka pran patisipasyon nan pwogram reyinyon sèvis la ki plis apwopriye pou kongregasyon an epi konbine yo avèk yon lòt reyinyon sèvis.
◼ Kongregasyon yo ta dwe distribye Toudegad ak Réveillez-vous ! ki fèk parèt yo bay pwoklamatè yo san pèdi tan. Konsa, y ap gentan li peryodik yo anvan y al ofri yo nan predikasyon. Kou Ministè Wayòm yo vini, yo ta dwe distribye yo tou. Yo kapab distribye yo bay pwoklamatè yo nan randevou etid liv kongregasyon an.
◼ Nan yon reyinyon sèvis nan mwa me a, nou pral egzamine kasèt videyo oswa DVD Noé : il marchait avec Dieu. Si nou bezwen gen kasèt videyo sa a, se nan kongregasyon an pou nou fè kòmann lan osito sa posib.
◼ Filyal la pap egzekite demann pèsonèl pwoklamatè fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an fè pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.
◼ Nou kontan anonse nou pou ane 2006 la pral gen 2 klas Lekòl fòmasyon ministeryèl ann Ayiti. Se pral setyèm ak uityèm klas. Men ki dat yo pral fèt : 7yèm klas : 24 avril–25 jen 2006, 8yèm klas : 30 novanm 2006–28 janvye 2007.
◼ Nouvo kongregasyon ann Ayiti : Fò nasyonal (Pòtoprens), Galèt-Gouwo (Taba), Pènye (Petyonvil), Seslès (Kwadèboukè).
◼ N ap raple nou objektif nou pou ane sèvis 2006 la : 1) Pou nou gen 10% akwasman nan kantite nouvo pwoklamatè e pou nou gen omwen 90% pwoklamatè nan peyi a ki preche e ki remèt rapò yo regilyèman. 2) Pou nou fòme moun nan tout nivo pou nou ka gen plis frè kalifye nan peyi a.