Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 24 avril 2006, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 6 mas pou rive nan semèn 24 avril 2006. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Lè n ap anseye, poukisa nou dwe fè yon poz pou n montre n ap fè yon tranzisyon, men, ki sa ki ka anpeche nou fè sa ? [be p. 98 § 2-3]
2. Poukisa li enpòtan pou nou fè poz lè n ap bay temwayaj ? [be p. 99 § 5–p. 100 § 4]
3. Poukisa lè n ap bay yon diskou li enpòtan pou nou mete aksan sou mo kle yo, e ki jan nou ka amelyore nou nan sans sa a ? [be p. 101 § 1-5, kare]
4. Lè n ap fè yon lekti an piblik, ki jan nou ka asire nou nou mete aksan sou ide prensipal ki nan pòsyon n ap li a ? [be p. 105 § 1-6]
5. Poukisa lè n ap anseye li enpòtan pou nou pale ase fò pou tout moun tande, e ki jan nou ka detèmine ki volim vwa ki kòrèk ? [be p. 107-8]
EKSPOZE No 1
6. Ki jan sitiyasyon kretyen yo jodi a sanble ak sitiyasyon Estè ak Mòdekay, e ki jan nou ka imite egzanp yo ? [si-F p. 94 § 17]
7. Lè Salomon te di “ tout bagay se vanite [e] kouri dèyè van ” an, de ki sa li t ap pale ? (Ekl. 2:11) [w-F04 15/10 p. 4 § 3-4]
8. Ki jan nou ka kiltive lanmou pou Bondye ? (Mak 12:30) [w-F04 1/3 p. 19-21]
9. Ki diferans ki genyen ant bagay espirityèl ak materyalis ? [w-F04 15/10 p 5-7]
10. Ki sa ki ka ede nou koute nan asanble yo san nou pa distrè ? [be p. 15-16]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Poukisa figi Amàn te kouvri ? (Estè 7:8)
12. Ki jan de kreyati espirityèl ki te enfliyanse lespri Elifaz ? (Jòb 4:15, 16) [w-F05 15/9 p. 26 § 2]
13. Èske pawòl Jòb te di ki nan Jòb 7:9, 10 ak nan Jòb 10:21 an montre li pa t kwè nan rezirèksyon ?
14. Ki sa Jòb te vle di lè l te di “ mwen chape ak po dan m ” ? (Jòb 19:20)
15. Ki sa Jòb te vle di lè l te di “ mwen pap lage entegrite m ”, e ki sa nou ka aprann nan sa ? (Jòb 27:5)