BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/06 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 6/06 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 26 jen 2006, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 1ye me pou rive nan semèn 26 jen 2006. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki sa modilasyon ye, e poukisa li enpòtan ? [be p. 111, kare]

2. Ki jan nou ka varye vitès nou lè n ap bay yon diskou ? [be p. 112 § 3-6, kare]

3. Ki jan nou kapab montre antouzyas pou sijè nou pral devlope nan yon diskou, e poukisa sa enpòtan ? [be p. 115 § 1–p. 116 § 2, kare]

4. Lè n ap anseye lòt moun, poukisa li esansyèl pou nou gen chalè, e ki sa ki ka ede nou demontre kalite sa a ? [be p. 118 § 2–p. 119 § 5]

5. Esplike enpòtans jès ak ekspresyon vizaj genyen lè n ap kominike ak lòt moun. (Mat. 12:48, 49) [be p. 121, kare]

EKSPOZE No 1

6. Ki jan liv Jòb la glorifye Jewova, e ki jan li egzalte règ Jewova bay pou moun viv yo ki jis ? [si-F p. 100 § 39, 41]

7. Ki sa ki sètifye Sòm yo otantik ? [si-F p. 102 § 10-11]

8. Lè Pwovèb 13:16 pale de moun ki entèlijan an, èske se de yon moun ki rize l ap pale ? Esplike. [w-F 04 15/7 p. 28 § 3-4]

9. Ki jan lespri sen aji tankou yon asistan, e lefètke nou konnen sa, ki sa sa ta dwe ankouraje nou fè ? (Jan 14:25, 26) [be p. 19 § 2-3]

10. An jeneral, nan ki sans Jezi vini, e de ki “ vini ” Jezi t ap pale nan Matye 16:28 la ? [w-CR 04 1/3 p. 26, kare]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki sa nou aprann nan repons Jòb te bay Jewova ki nan Jòb 42:1-6 la ?

12. Ki “ bagay ki pa itil ” nasyon yo kontinye ap pale tou ba a ? (Sòm 2:1, 2)

13. Ki fondasyon sa yo ki demoli a ? (Sòm 11:3)

14. Ki jan yon moun ki ògeye ‘ jwenn sa l merite depase limit ’ ? (Sòm 31:23)

15. Ki rekonfò nou ka jwenn nan Sòm 40 ki ka ede nou fè fas ak enpèfeksyon nou e ki ka ede nou fè fas ak tout kalite difikilte sistèm sa a pote ? (Sòm 40:1, 2, 5, 12)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje